Pou ranfòse kapasite medya yo nan peryòd elektoral la, Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) òganize yon fòmasyon espesyal pou anviwon yon 40tèn jounalis nan depatman Sant sou kouvèti eleksyon, mete aksan sou etik, verifikasyon enfòmasyon ak konba kont dezenfòmasyon.

Fòmasyon KEP a pou jounalis sou kouvèti elektoral la te rive nan bout li jodi mèkredi 29 avril 2026, apre twa jou aktivite entans ki te dewoule soti lendi 27 avril. Inisyativ sa a te rasanble plizyè pwofesyonèl medya ki soti nan diferan estrikti, ak objektif pou amelyore jan yo trete enfòmasyon pandan peryòd elektoral yo.

Pandan sesyon yo, patisipan yo te resevwa fòmasyon sou prensip fondamantal etik jounalis la, yon eleman kle pou garanti kredibilite ak responsablite nan difizyon enfòmasyon.

Yo te travay tou sou teknik verifikasyon enfòmasyon (fact-checking), ki vin de pli zan pli enpòtan nan yon kontèks kote fo nouvèl ak manipilasyon enfòmasyon ap miltipliye.

Yon lòt pwen enpòtan nan fòmasyon an se te jesyon dezenfòmasyon. Fòmatè yo te mete aksan sou danje pwopagasyon move enfòmasyon pandan eleksyon, epi yo te montre jounalis yo zouti konkrè pou idantifye, analize epi korije enfòmasyon ki pa verifye.

Anplis de sa, patisipan yo te resevwa ekspikasyon detaye sou lwa elektoral yo, sa ki pèmèt yo pi byen konprann kad legal la pou yo ka bay piblik la enfòmasyon ki klè, egzak ak konplè sou pwosesis elektoral la.

Daprè KEP la, fòmasyon sa a fè pati yon seri aksyon ki vize amelyore pwofesyonalis nan medya ayisyen yo. Objektif final la se kontribye nan yon pwosesis elektoral ki pi transparan, plis kredib, epi ki kapab ranfòse konfyans popilasyon an nan enstitisyon demokratik yo.

Avèk inisyativ sa a, KEP la montre volonte li pou kolabore ak medya yo kòm patnè esansyèl nan bon jan fonksyònman demokrasi a ann Ayiti.

Merisier Melchior, Centre à la UNE!

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841