Plizyè gwo wout nan vil Sen Mak paralize samdi 2 me 2026 la, apre abitan yo te leve kanpe pou denonse degradasyon sitiyasyon sekirite a nan Bas Latibonit.
Manifestan yo monte barikad ak divès materyèl pou bloke sikilasyon, kòm siy kolè yo fas ak sa yo konsidere kòm neglijans otorite Leta.
Aksyon sa yo rive kèk jou sèlman apre yon atak sanglan ki ta lye ak gang « Gran Grif » nan lokalite Jan Deni. Dapre enfòmasyon ki disponib, atak la fè omwen 2 moun pèdi lavi yo epi plizyè dizèn kay boule, sa ki lage anpil fanmi nan dezolasyon.
Malgre gravite sitiyasyon an, popilasyon an denonse sa yo rele absans yon repons efikas bò kote Leta. Yo fè remake tou prezans kontinyèl lòt gwoup ame tankou « Kokorat San Ras », ki kontinye simaye laterè nan zòn nan.
Pou fè tande vwa yo, rezidan yo bloke plizyè pwen estratejik nan vil la, sa ki lakoz gwo dezòd nan sikilasyon ak aktivite ekonomik yo. Pandanstan, kèk gwoup oto-defans, ki pa gen ase mwayen, ap eseye fè fas ak menas gang yo, malgre risk ki wo.
Sitiyasyon an rete sou tansyon, sitou ak presyon ki soti nan gang ki baze nan Savyen. Anpil sitwayen ap kritike tou sa yo konsidere kòm yon tretman inegal nan jesyon kriz sekirite a nan diferan rejyon peyi a.
Popilasyon an lanse yon apèl bay otorite yo pou pran mezi ijan pou retabli sekirite ak pwoteje lavi ak byen sitwayen yo.