Pèp Ayisyen an fatige. Fatige ak manti, fatige ak manipilasyon, fatige ak desizyon k ap pran anba tab sou do yon nasyon ki deja ap soufri. Lè yon premye minis oubyen nenpòt lòt otorite pran angajman sou resous peyi a san transparans, san lasanble, san pèp la pa konnen sa k ap fèt, sa se yon gwo kesyon moral ak politik ki leve devan nasyon an.

Jodi a, anpil sitwayen santi gen yon sistèm k ap vann peyi a pa moso pandan popilasyon an ap mouri anba bal, anba grangou ak anba ensekirite. Pandan bandi ap fè lalwa nan kat kwen peyi a, pandan fanmi ap kouri kite lakay yo, pandan jèn yo pa wè avni yo ankò gen kesyon ki merite repons klè.

Anpil moun kwè ensekirite a pa yon aza. Yo wè li kòm rezilta feblès, move jesyon ak enterè politik ki mete pouvwa ak avantaj pèsonèl devan enterè nasyonal la. Lè pèp la pa jwenn eksplikasyon sou desizyon ki konsène richès peyi a, sa kreye plis kòlè ak plis mefyans.

Alix Didier Fils-Aimé ak tout lòt dirijan yo dwe konprann yon bagay: Ayiti pa yon byen prive. Resous peyi a se byen pèp la. Nenpòt desizyon sou avni nasyon an dwe fèt nan transparans, ak respè pou souverènte pèp ayisyen an.

Pèp la bezwen:

verite,
sekirite,
jistis,
ak dirijan ki rann kont.

Ayiti pap janm leve toutotan politik ap fèt nan sekrè, pandan pèp la rete nan soufrans ak laperèz. Se pa ak pawòl sèlman nou bezwen dirije peyi a, men ak responsablite, transparans ak respè pou diyite pèp ayisyen an.

🇭🇹 “Lè pèp la pa konnen sa k ap fèt sou do li, demokrasi a vin an danje.”

Jackson JEAN PIERRE, Ing-Agronome Defenseur des interets du peuple haitien

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841