Gen moman nan lavi yon pèp kote kestyon yo vin pi lou pase repons yo. Gen moman kote silans otorite yo kòmanse sonnen tankou yon fòm abandon. Jodi a, devan imaj blende k ap boule ankò anba kout bal bandi ame yo, devan laterè ki kontinye ap vale vil ak katye nan peyi a, kestyon anpil Ayisyen ap poze se pa kestyon politik ankò, men kestyon bon sans : konbyen blende ankò ki dwe boule avan Leta konprann estrateji sa a pa mache?
Paske sa vin tounen yon move seri epizòd ki repete tèt li tankou yon fim san fen. Chak fwa menm sèn nan : gwo operasyon anonse, gwo diskou sou sekirite, gwo mobilizasyon sou rezo sosyal, epi kèk èdtan apre, se foto blende k ap pran dife, kay k ap boule, popilasyon k ap kouri, epi bandi ame k ap voye mesaj fòs bay tout peyi a. Se tankou yon lagè kote se toujou menm bò a k ap pran kou yo pandan lòt la sanble toujou gen avantaj sou teren an.
Jedi 28 me 2026 la, bandi ame yo frape ankò nan zòn Pilòn. Gwo kout zam t ap chante tankou loraj sou tèt popilasyon an. Yon blende PNH pran dife ankò. Plizyè kay boule. Sitwayen pran nan mitan laterè. Gen enfòmasyon ki fè konnen menm kèk moun nan vil la te oblije ede bandi yo nan batay la anba presyon ak laperèz. Pandan sa, peyi a ap gade yon lòt imaj dife ankò sou yon ekipman Leta ki te sipoze sèvi kòm pwoteksyon pou polisye ak popilasyon an.
Men kestyon ki pi grav la rete sa : èske pa gen okenn refleksyon estratejik ki fèt apre chak echèk sa yo? Paske lè yon menm sitiyasyon ap repete konsa, se pa kestyon malchans ankò. Se kestyon sistèm. Se kestyon preparasyon. Se kestyon entèlijans operasyonèl. Epi kestyon an lejitim : ki kalite lagè n ap mennen kote ekipman Leta yo tounen sib ki pi fasil pou detwi?
Nou menm, nou mande tèt nou : si bandi yo rive boule blende sa yo konsa, ki kalite mwayen, ki kalite pwoteksyon, ki kalite teknoloji oubyen plan sekirite Leta te mete anplas pou anpeche sa rive? Paske yon blende pa fèt pou sèvi kòm dekorasyon. Li fèt pou reziste, pou pwoteje lavi moun, pou bay avantaj taktik sou teren an. Men jodi a, se tankou yo vin tounen senbòl feblès yon sistèm ki pa rive adapte l ak reyalite lagè a.
Pi gwo trajedi a, se pa sèlman kestyon materyèl ki boule. Se kestyon lavi moun. Se kestyon jèn gason ak jèn fanm ki antre nan Polis Nasyonal la ak rèv pou sèvi peyi yo, epi yo jwenn tèt yo lage nan yon lagè kote anpil fwa yo sanble abandone ak sò yo. Pandan gwo responsab ap fè konferans ak pwomès, se polisye sou teren an k ap pran bal, k ap pran dife, k ap viv laperèz chak jou.
Gen yon santiman k ap grandi nan popilasyon an : enstitisyon polis la, jan li ap jere kestyon sa yo, sanble ap livre ni popilasyon an ni pwòp ajan li yo nan bouch lanmò. E sa vin pi grav lè anpil operasyon sanble pa gen okenn rezilta dirab sou teren an. Bandi yo toujou retounen. Yo toujou reprann espas yo. Yo toujou montre kapasite pou frape ankò.
Sa fè anpil moun kòmanse pale de yon bagay ki pi pwofon toujou : èske gen yon konplo òganize dèyè kestyon sa yo? Paske lè yon sistèm kontinye pwodwi menm echèk yo san okenn koreksyon serye, kestyon yo vin inevitab. Kijan bandi yo toujou sanble enfòme? Kijan yo toujou pare? Kijan yo toujou rive pran avantaj sou fòs Leta yo? Kijan yon peyi rive nan nivo kote gwoup ame kapab boule ekipman Leta prèske an piblik pandan popilasyon an ap gade?
Peyi a pa ka kontinye abitye ak kestyon sa yo tankou si yo nòmal. Sa pa nòmal. Sa pa dwe nòmal. Paske chak blende ki boule se pa sèlman yon machin ki disparèt anba dife. Se yon pati nan konfyans popilasyon an ki boule tou. Se moral polisye yo ki kraze. Se kestyon kapasite Leta a ki poze devan tout moun.
Epi si Leta pa kapab kriye, sa pa vle di lanmò pa fèt. Paske dèyè chak operasyon ki echwe, dèyè chak dife, dèyè chak kout bal, gen fanmi k ap viv ak laperèz, gen timoun k ap dòmi anba chòk, gen polisye k ap mande si lavi yo vrèman gen valè nan je sistèm nan.
Ayiti bezwen plis pase gwo pawòl sou sekirite.
Li bezwen yon vrè estrateji.
Li bezwen entèlijans.
Li bezwen planifikasyon serye.
Li bezwen yon Leta ki pwoteje lavi moun olye li kontinye konte blende k ap boule tankou si se te yon statistik nòmal lagè. Paske yon peyi pa ka genyen batay li lè li kontinye ap antre nan menm pyèj la chak fwa.
Jean Launy AVRIL
Editoryalis — Centre à la Une