Enkyetid ap grandi nan mitan pwosesis elektoral la ann Ayiti sou fason enfòmasyon ki gen rapò ak idantifikasyon sitwayen yo ap sikile. Plizyè kesyon leve sou itilizasyon kèk Nimewo Idantifikasyon Nasyonal Inik (NINU) nan lis manm, patizan oswa sipòtè pati politik yo ap soumèt nan kad pwosesis elektoral la.

Se nan kontèks sa a Direksyon Jeneral Biwo Nasyonal Idantifikasyon (ONI) pran yon pozisyon fèm anndan enstitisyon an. Nan yon sikilè ki voye bay anplwaye yo, ONI raple pèsonèl li entèdiksyon pou yo soustrè, kopye, transfere, vann, kominike, divilge, modifye oswa itilize san otorizasyon done, enfòmasyon, fichye oswa dokiman yo gen aksè ak yo nan kad travay yo.

Sanksyon ka rive jouk nan revokasyon

Direksyon ONI a fè konnen nenpòt anplwaye ki ta enplike nan vòl, ekstraksyon, divilgasyon, manipilasyon oswa itilizasyon ilegal done yo, epi yon ankèt regilye ta etabli responsablite li, kapab sibi sanksyon administratif ak disiplinè ki ka rive jiska revokasyon.

Enstitisyon an prevwa tou posibilite pou dosye ki gen rapò ak vyolasyon grav yo transmèt bay otorite jidisyè ki konsène yo pou swit legal ki nesesè.

Kesyon sou lis pati politik yo

Mezi sa yo pran yon siyifikasyon patikilyèman enpòtan nan moman kote pati ak gwoupman politik yo ap prepare lis manm yo pou patisipe nan pwosesis elektoral la.Daprè enfòmasyon ki rapòte nan laprès, gen ka kote non kèk sitwayen ta parèt sou lis yon òganizasyon politik pandan menm enfòmasyon idantifikasyon yo ta parèt asosye ak yon lòt fòmasyon politik. Sitiyasyon sa a soulve kesyon sou sous done yo, fason yo jwenn yo, fason yo sikile epi sitou sou konsantman sitwayen ki konsène yo.

Sepandan, jiskaprezan, egzistans anomaliman sa yo pa vle di otomatikman gen yon bazdone ONI ki te pirate oswa ke anplwaye enstitisyon an te bay aktè politik done konfidansyèl. Sa ta mande yon ankèt apwofondi pou etabli reyalite yo ak responsablite chak moun ki ta enplike.

ONI mete aksan sou netralite li nan eleksyon yo

Direksyon Jeneral la raple anplwaye li yo tou obligasyon yo genyen pou respekte prensip entegrite, konfidansyalite, netralite ak enpasyalite.

ONI entèdi nenpòt anplwaye itilize fonksyon li, otorite li oswa resous enstitisyon an pou favorize oswa defavorize yon kandida, yon pati politik oswa yon gwoupman politik.

Sikilè a konsidere kòm yon gwo fot nenpòt entèvansyon ki ta fèt pou rezon politik oswa elektoral nan operasyon enskripsyon, tretman dosye oswa livrezon Kat Idantifikasyon Nasyonal yo.

Done ONI yo gen yon enpòtans estratejik

Kesyon an vin pi sansib toujou paske Kat Idantifikasyon Nasyonal la gen done biometrik ki sèvi pou garanti idantifikasyon pèmanan sitwayen yo. ONI prezante sistèm idantifikasyon an kòm yon eleman enpòtan nan dwa sitwayen yo genyen pou yo idantifye tèt yo ak nan konstriksyon yon Leta de dwa ann Ayiti.

Nan mwa out la, Japon ak Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) te anonse yon finansman 3 milyon dola ameriken pou ede Ayiti mete ajou lis elektoral yo, achte 350,000 kat idantifikasyon vid, redui reta nan pwosesis idantifikasyon an epi elaji sèvis yo nan zòn riral yo.Sa montre enpòtans done idantifikasyon yo genyen nan preparasyon eleksyon ki pwograme pou 13 desanm 2026 la.

Yon ankèt nesesè pou klarifye sitiyasyon an

Nan yon pwosesis elektoral kote konfyans sitwayen yo deja frajil, nenpòt dout sou itilizasyon enfòmasyon pèsonèl ak done idantifikasyon nasyonal yo merite yon verifikasyon serye.

Pou kounye a, pozisyon ONI a montre enstitisyon an vle pran devan pou pwoteje baz done li yo epi anpeche nenpòt anplwaye itilize enfòmasyon konfidansyèl pou rezon pèsonèl, finansye oswa politik.

Kesyon prensipal la rete: Kijan kèk NINU ta rive parèt sou lis plizyè fòmasyon politik, epi ki sous enfòmasyon sa yo?

Se yon ankèt endepandan ak transparan ki kapab bay repons sou kestyon sa a epi detèmine si gen vrèman te gen ekstraksyon oswa itilizasyon ilegal done ki soti nan sistèm ONI a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841