NORTH MIAMI - NOVEMBER 14: An audience member holds a paper with Haitian Presidential candidates pictures on it as candidates Mirlande Manigat, Garaudy Laguerre and Dr. Blot Gerard start their presidential debate hosted by Friends of Haiti 2010 at Florida International University on November 14, 2010 in North Miami, Florida. Many of the candidates running for the Haitian presidency campaign in the United States where they try to get support from the Haitian diaspora. (Photo by Joe Raedle/Getty Images)

ÉDITORYAL — Lendi 28 Septanm 2026|00584

Ekri pa Jean Launy AVRIL

Mesye dam kandida, anvan nou monte sou podium, anvan nou mete foto nou sou tout mi, anvan nou envante slogan ki fèt pou antre nan zòrèy pèp la pi vit pase lide antre nan tèt li, ranje bouch nou. Pa vini ak menm resèt pawòl nou te sèvi depi plizyè dizèn lane a, paske pèp sa a tande twòp diskou deja. Li wè twòp moun rive tankou pwofèt epi kite tankou administratè echèk. Li wè twòp moun mete kostim chanjman sou yo pandan yo pote menm vye politik la anba chemiz yo. Ayiti pa bezwen yon lòt machann espwa k ap vann demen nan sache pandan li pa kapab esplike sa li pral fè jodi a. Pèp la pa bezwen yon lòt bouyon rechofe yo mete kèk fèy pèsi sou li pou fè l sanble ak yon nouvo manje. Lè chodyè a se menm chodyè a, engredyan yo se menm engredyan yo, kwizinye yo soti nan menm kwizin nan, nou gen dwa mande nou ki mirak ki pral fè gou a diferan.

Jodi a, kestyon eleksyon an ap reprann plas li nan deba piblik la. Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé deklare devan Nasyonzini ke pwosesis elektoral la an mouvman, sant enskripsyon yo louvri epi kandida yo ap fè demach pou patisipe; bò kote pa li, reprezantan espesyal Nasyonzini pou Ayiti fè konnen avansman pwosesis la toujou depann anpil de kondisyon sekirite minimòm sou teren an. Se nan kontèks sa a nou di tout moun k ap pare pou mande pèp la pouvwa: pa pran dezespwa pèp la pou inyorans. Yon moun kapab grangou san li pa manje pwazon. Yon pèp kapab bezwen chanjman san li pa oblije achte premye pwodwi politik yo mete devan li. Apre tout eksperyans peyi sa a fin pase, kandida ki vle pran tèt Leta dwe rive ak plis pase yon fraz ki byen sonnen, plis pase yon chemiz ak manch woule, plis pase twa foto nan mache piblik, plis pase yon videyo kote li manje nan menm asyèt ak malere pou fè kamera kwè li dekouvri pèp la. Ayiti pa yon kanpay piblisite. Ayiti se yon peyi ki blese e ki bezwen moun ki konprann pwofondè blesi a anvan yo pwomèt operasyon an.

Nou bezwen kòmanse poze kestyon ki deranje yo. Kandida, kiyès ou ye? Ki sa ou te konstwi anvan ou mande pou dirije sa ki rete pou konstwi a? Ki vizyon ekonomik ou? Kijan ou pral retabli otorite Leta san ou pa transfòme Leta an yon lòt machin represyon? Ki politik ou genyen pou lekòl, lopital, agrikilti, enèji, jistis, enfrastrikti, desantralizasyon? Kijan ou pral fè yon jèn jwenn rezon pou l bati lavi li ann Ayiti olye sèl pwojè li se jwenn yon viza? Kijan ou pral fè yon antreprenè envesti san li pa bezwen kalkile gang, raketè, kouran, koripsyon ak ensekirite nan pri chak pwodwi? Ki moun ki finanse kanpay ou? Ki ekip ki dèyè ou? Ki enterè ou reprezante? E si ou te deja pase nan pouvwa, nan opozisyon, nan tranzisyon oswa nan administrasyon piblik, ki bilan ou? Pa vin mande pèp la bliye yè paske ou aprann yon nouvo diskou jodi a. Memwa se youn nan premye zam yon demokrasi genyen kont repetisyon echèk.

Paske youn nan pi gwo malè politik nou se kapasite nou genyen pou nou fè ansyen bagay parèt nouvo. Nou chanje non pati, nou chanje logo, nou chanje koulè, nou chanje alyans, nou chanje slogan, pafwa nou menm chanje kan; men twò souvan nou pa chanje fason nou konprann pouvwa. Yon moun ki te nan sistèm nan yè kapab gen dwa prezante yon lòt pwojè jodi a; demokrasi pa kondane pèsonn pou tout lavi. Men li dwe esplike sa li te fè, sa li pa t fè, sa li te aprann, kote li te echwe ak poukisa nou ta dwe kwè li pral aji diferan demen. Se la nou dwe fè diferans ant eksperyans ak bouyon rechofe. Eksperyans se lè yon moun sèvi ak erè pase li pou konstwi yon pi bon chemen. Bouyon rechofe se lè li sèvi ak bliye pèp la pou retounen ak menm pratik la anba yon nouvo anbalaj.

E pou moun ki prezante tèt yo kòm moun “ki pa soti nan politik”, nou gen kestyon pou nou tou. Pa fè ineksperyans tounen diplòm. Pa fè lefètke ou pa t janm dirije anyen tounen prèv ou kapab dirije tout bagay. Ayiti deja konnen majik fraz “mwen pa politisyen” an. Yon peyi pa bezwen sèlman moun ki pa t nan sistèm nan; li bezwen moun ki konprann sistèm nan ase pou transfòme li. Leta se pa yon ti biznis, prezidans pa yon estaj, epi pèp la pa yon laboratwa kote chak nouvo moun vini teste premye eksperyans politik li. Nou bezwen renouvèlman, wi; men renouvèlman pa vle di enpwovizasyon. Nou bezwen nouvo jenerasyon, wi; men jènès poukont li pa yon pwogram gouvènman. Nou bezwen moun ki soti nan sosyete sivil, sektè prive, inivèsite ak dyaspora; men orijin yon kandida pa dwe ranplase kestyon sou konpetans li, etik li, ekip li ak pwojè li.

Pi enpòtan toujou, se pou pèp la pa kite okenn kandida fè l kwè kestyon yo se yon mank respè. Se ou menm k ap mande kle kay la; se nòmal pou m mande sa ou pral fè ladan l. Se ou menm k ap mande pouvwa pou nonmen, depanse, negosye, reprezante peyi a epi pran desizyon ki kapab make lavi plizyè milyon moun; se poutèt sa kestyon yo dwe rèd. Sitiyasyon sekirite a deja fè òganizasyon eleksyon kredib difisil, e Nasyonzini kontinye mete sekirite, libète sikilasyon ak kapasite enstitisyon elektoral yo pami kondisyon esansyèl pou pwosesis la. Se poutèt sa peyi a pa bezwen ajoute yon lòt danje sou sa li deja genyen: yon kanpay san lide kote bri ranplase pwojè. Eleksyon pa dwe yon konkou pou konnen kiyès ki gen pi gwo afich, pi gwo foul oswa fraz ki pi viral. Eleksyon dwe yon egzamen piblik kote chak kandida mete pwojè li sou tab la epi sitwayen yo pase l anba limyè.

Mesye dam kandida, pèp sa a soufri anpil, men soufrans pa vle di li pa kapab reflechi. Li tonbe anpil fwa, men chak tonbe kite yon mak, epi chak mak kapab tounen memwa. Ranje bouch nou anvan nou pale, ranje lide nou anvan nou pwomèt, ranje ekip nou anvan nou mande pou ranje peyi a. Pa pote nou syèl nan diskou pandan nou mande nou mache nan labou nan reyalite. Pa pwomèt revolisyon si sèl revolisyon nou fè se chanje foto pwofil nou. Pote plan nou. Pote bilan nou. Pote ekip nou. Pote chif nou. Pote metòd nou. Pote kapasite nou pou nou di pèp la pa sèlman sa nou vle fè, men kijan, ak ki mwayen, nan ki delè, epi devan kiyès n ap rann kont si nou echwe. Ayiti pa manke bouch; li manke rezilta. Li pa manke moun ki vle prezidan; li bezwen fanm ak gason ki kapab ede Leta kanpe. Paske fwa sa a, kestyon an pa dwe sèlman kiyès ki pale pi bèl. K kestyon an dwe: kiyès ki pote yon pwojè ki kapab kanpe lè mikwo a fèmen?

Jean Launy AVRIL
Editoryalis — Centre à la Une
Nou se Centre à la UNE

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar