Peyi Brezil fè yon pa enpòtan nan chanjman kondisyon travay plizyè milyon travayè aprè chanm Sena fin apwouve, mèkredi 14 oktòb 2026 la, pwopozisyon amannman konstitisyonèl sa a ki mete fen nan sistèm travay 6×1 an. Refòm sa a ki fèt sou gouvènman Lula a epi ki te lanse 1e janvye 2023, pral bay travayè yo dwa travay pandan 5 jou epi gen 2 jou repo chak semèn, san diminye salè yo.
Sistèm 6×1 an se yon òganizasyon kote yon anplwaye travay 6 jou, epi li jwenn yon sèl jou repo. Nan anpil antrepriz, faktori, makèt, restoran ak lòt sektè sèvis, sistèm sa a fè travayè yo pase anpil tan ap travay, pandan yo gen mwens tan pou fanmi, etid, aktivite pèsonèl yo ak pou pran repo. Aprè refòm sa a fin antre an vigè, travayè yo nan peyi Brezil p ap travay pandan 6 jou, epi repoze pandan 1 jou ankò. Yo pral travay pandan 5 jou, epi y ap genyen 2 jou konje pandan chak semèn.
Nan dat 27 me 2026, Chanm Depite brezilyen an te apwouve pwopozisyon an nan 2 tan: Nan premye tou a 472/494 depite te vote pou, epi 22 te vote kont. Nan dezyèm tou a 461/480 depite te vote pou, 19 te vote kont. Rezilta sa yo montre yon gwo majorite nan Chanm Depite a te soutni pwopozisyon an.
Nan dat 14 oktòb 2026, Sena brezilyen an te apwouve tèks la nan premye ak nan dezyèm tou. Nan chak tou yo, rezilta a te 75 vòt pou kont yon (1) vòt kont. Se sèlman senatè Hamilton Mourão, ansyen vis prezidan sou gouvènman Jair Bolsonaro a, dwat-konsèvatè, ki te vote kont pwopozisyon an.
Apwobasyon Chanm Depite a ak Sena a se yon etap enpòtan, men se pwomilgasyon ofisyèl la ak dat ki fikse pou antre an aplikasyon an ki pral detèmine kilè nouvo règ yo ap vini obligatwa. Sa vle di, travayè yo p ap wè orè yo chanje otomatikman jou Sena a te vote a. Antrepriz yo ap swiv tèks ofisyèl la, dispozisyon tranzisyon yo ak règleman ki aplikab nan domèn travay la.
Refòm nan prevwa plizyè chanjman enpòtan nan òganizasyon travay la:
- Travayè yo ap gen dwa ak 2 jou repo chak semèn nan kad nouvo sistèm 5×2 a. Jou sa yo dwe peye nòmalman.
- Dire travay maksimòm nòmal travay la ap soti nan 44 pou rive 40h pa semèn.
- Rediksyon lè travay la p ap sèvi kòm yon agiman pou antrepriz yo diminye salè travayè yo.
- Nouvo mezi sa yo ap antre ann aplikasyon sou yon peryòd tranzisyon k ap dire 14 mwa. Selon kalandriye ki prevwa nan tèks la, 60 jou aprè pwomilgasyon an, kantite lè travay la ap desann a 42h pa semèn. Aprè sa, nan etap final tranzisyon an, li ap desann a 40h pa semèn.
Finalman, fen echèl 6×1 an sou gouvènman Lula a reprezante yon gwo chanjman sou dwa travayè nan peyi Brezil. Nan tout peyi a, atravè rezo sosyal yo, anpil travayè pa kache satisfaksyon yo pou gwo chanjman sa a ki pral gen anpil enpak pozitif sou lavi yo.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE