Bandi ame ki soti nan baz Gran Grif asasinen anviwon 11 moun, epi boule kadav yo pandan yon atak yo te lanse nan lannuit 13 pou louvri 14 novanm 2026 la. Sa pase nan lokalite Robè, 4èm seksyon kominal Allouère, nan komin Sen Mak. Daprè òganizasyon Konbit ba Latibonit (KONBA), bandi yo ki toujou okipe zòn nan mete dife sou motosiklèt ak kay peyizan yo.
Devan sitiyasyon sa a, KONBA mande pou sòlda salvadoryen yo entèvni nan Savyen, kote baz Gran Grif la tabli, pou rive mete gwoup ame yo deyò. Òganizasyon an mande tou pou gen operasyon kont gang Kokorat San Ras, nan Lestè; kont Taliban nan Lachapèl; ansanm ak Taliban, 400 Mawozo, baz Izo 2 nan zòn Monwi ak Kabarè.
2 jou aprè dènye masak sa a, gouvènman Alix Didier Fils-Aimé ap dirije pa di yon mo, ni poze okenn aksyon konkrè pou montre volonte yo pou trake bandi sa yo ki non sèlman masakre peyizan yo, men ki tabli baz yo nan espas la.
Nan kad mouvman nasyonal ki planifye pou fèt sou tout teritwa nasyonal la, pou pèp Ayisyen an voye solidarite li bay sòlda salvadoryen yo ki nan misyon ann Ayiti kont gang ame yo, Mouvman Sekirite pou Ba Latibonit (MOSEBA) anonse y ap pran beton an epi eksprime solidarite li ak prezidan salvadoryen an, Nayib Bukele.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE