Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) fè konnen sèvis ransèyman li yo idantifye plis pase 18 000 tranzaksyon finansye yo konsidere kòm sispèk atravè platfòm NatCash ak MonCash, nan espas 72 dènye èdtan yo. Se sa Direksyon Kominikasyon Polis la (DICOP) fè konnen nan yon kominike li pibliye madi 17 novanm 2026 la.

Dapre enfòmasyon PNH pataje yo, tranzaksyon sa yo ta soti nan nimewo telefòn lapolis sispèk ki asosye ak manm gwoup ame, pou ale jwenn plizyè benefisyè ki gaye nan diferan zòn nan peyi a.

Lapolis presize transfè yo konsène montan ki varye ant 5 000 ak 15 000 goud. Kantite tranzaksyon yo ansanm ak frekans yo soulve enkyetid sou posiblite aktivite blanchiman lajan, kache lajan ak finansman rezo kriminèl.

Sèvis ransèyman PNH yo estime mouvman finansye sa yo ta ka fè pati yon estrateji ki vize deranje dispozitif sekirite otorite yo deja deplwaye a, pwovoke dezòd nan lòd piblik la epi kreye feblès nan operasyon yo pou fasilite deplasman ak redispozisyon gwoup ame yo.

Nan sans sa a, Polis Nasyonal d Ayiti fè konnen Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) ap kontinye analize enfòmasyon li ranmase yo epi ranfòse ankèt yo. Objektif la se idantifye moun ki resevwa lajan yo, moun ki ta bay lòd pou tranzaksyon sa yo ansanm ak rezo ki ta ka enplike nan operasyon finansye sispèk sa yo.

Pou kounye a, kominike PNH la pa bay non moun ki ta konsène yo ni li pa fè konnen si gen arestasyon ki deja fèt nan kad dosye sa a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a.

Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo.

Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann.

Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841