Direksyon Nasyonal Dlo Potab ak Asenisman (DINEPA) òganize, madi 17 novanm 2026 la, yon jounen pòt ouvèt sou asenisman nan lokal Sant Teknik Eksplwatasyon Rejyon Metwopolitèn Pòtoprens lan (CTE-RMPP), nan zòn Maïs-Gâté.
Aktivite sa a antre nan kad inisyativ DINEPA ap pran pou prepare Jounen Mondyal Twalèt la, ki selebre chak ane 19 novanm. Pou edisyon 2026 la, tèm ofisyèl la se: « Twalèt ki an sekirite pou yon avni ki pi ekitab ».
Atravè inisyativ sa a, enstitisyon an vize sansibilize popilasyon an sou enpòtans pou tout moun gen aksè ak twalèt ki an sekirite, bon jan sèvis asenisman ak yon jesyon responsab dlo ize. DINEPA mete aksan sou nesesite sèvis sa yo genyen pou pwoteje sante piblik, konsève anviwònman an epi respekte diyite moun.
Seremoni lansman aktivite a te dewoule an prezans Direktè Jeneral DINEPA a, enjenyè Théophil OSTINVIL; Direktè OREPA-Lwès la, enjenyè Karl-Eddy THELUSMA; Direktè Asenisman an, madan Edwige PETIT; ansanm ak Direktè CTE-RMPP a, enjenyè Pierre Woodmy MOÏSE.
Te gen tou reprezantan minis Travo Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC), enjenyè Pétion ROY, reprezantan plizyè lòt ministè ak kolektivite teritoryal, majistra adjwen Kenskòf la, ansanm ak kad ak anplwaye DINEPA, OREPA-Lwès ak CTE-RMPP. Plizyè reprezantan laprès te prezan tou.
Nan kad jounen pòt ouvèt sa a, patisipan yo te gen okazyon vizite divès espas ekspozisyon ki te enstale pou aktivite a. Nan diferan kyòs sa yo, yo te kapab dekouvri inisyativ, reyalizasyon, apwòch teknik ak divès entèvansyon ki gen rapò ak pwoblèm asenisman nan peyi a.
Vizit sa a te pèmèt tou echanj eksperyans ak pataj konesans ant diferan aktè k ap travay nan sektè dlo potab ak asenisman an.
Dapre DINEPA, aktivite sa a antre nan efò enstitisyon an ap fè pou ranfòse sansibilizasyon sou defi asenisman yo epi ankouraje patisipasyon enstitisyon piblik yo, kolektivite teritoryal yo, patnè yo ak popilasyon an nan rechèch solisyon ki dirab.
Nan okazyon Jounen Mondyal Twalèt 2026 la, DINEPA, avèk sipò patnè teknik ak finansye li yo, tankou Bank Mondyal, UNICEF ak Bank Entèamerikèn Devlopman (BID), renouvle angajman li pou travay an favè aksè popilasyon ayisyen an ak sèvis asenisman ki an sekirite, adapte ak dirab.