Li pa premye, ni dènye jounalis ki tonbe anba bal an Ayiti swa pou konviksyon, swa oryantasyon yo bay tèt yo nan kad misyon sakre yo genyen, kòm 4e pouvwa, pou fòme epi enfòme popilasyon an. Tonbe anba bal asasen nan depatman sant peyi Ayiti, zòn Bayas nan dat 10 oktòb 2019 vè 7 tè nan aswè, swa 7 jou avan fèt asasina krapile lanperè Jak 1e, papa peyi a Jan Jak Desalin, Néhémie Joseph asasinen nan sousi pou fèmen bouch li yon fwa pou tout.

Pouki se Néhémie? Yon kesyon anpil moun pa sispann poze depi aprè lanmò gason kanson fè a, nèg ki pa pè gade nèg nan je a, depi enterè Mibalè menase. Pou anpil moun ki pa sispann temwaye, Néhémie se te yon jounalis gason kanson ki te toujou fè prèv li e ki pa pè pèsòn. Kèk dosye sansib anpil lòt jounalis p ap touche nan tout entegralite ki lye ak ekip ASM (Association Sportive de Mirebalais), HUM (Hôpital Universitaire de Mirebalais), Politik enstitisyon Leta yo sitou… se de bagay ki toujou atire atansyon ansyen titilè emisyon «Tambour Vérité» a, ki te konn bay tout li menm pou ranpli misyon sasèdotal li sa a sou radyo Panic FM nan Mibalè ak Mega nan Pòtoprens.

Èske gen matyè pou lajistis nan Mibalè ta sove vi lòt sitwayen ak jounalis, lè li rive bay Néhémie jistis ?

  1. Nan yon pòs li te fè sou kont «facebook» li nan dat 29 septanm 2019 a 4 trè 10 nan aprè midi, jounalis Néhémie Joseph te ekri pawòl sa yo, e n ap site : «Sa w dwe konnen, gen ansyen majistra vil Mibalè a, Elionel CASSEUS ki bezwen vin delege depatmantal nan plato santral, k al rele senatè Rony CÈLÉSTIN ki di l se jounalis Mibalè k ap plede chofe tèt moun yo pran lari a. Pami non li bay senatè a, li di gen Néhémie Joseph, se li ki pi cho, se li ki koz yo boule machin nan ki te boule a.
    Senatè a rele kèk chofè nan Beladè, li bay non Néhémie Joseph kòm moun ki kòz tout sa k ap fèt yo.
    Gen gwo konplo k ap fèt la a nan Beladè ak kèk chofè pou wè kouman yo ta asasinen Néhémie Joseph.
    Mwen deja mete tout moun okouran yè samdi a nan nan emisyon mwen fè a ki se Tambour Vérité. TOUT SA K RIVE M, FANMI M, PWÒCH MWEN, SOU KONT ELIONEL AK SÉNATEUR RONY CÉLÉSTIN.
    Néhémie dit plon gaye.
  2. Ansyen komisè gouvènman nan epòk la nan pakè Mibalè, Marc Faublas ROMULUS, te fè divès deklarasyon sou asasina a, ladan yo, li pa t janm bliye souliye, sa e n ap site : «M bay garanti sa a, a 90% nou sou pis pou nou jwenn moun ki fè krim nan. Nou gen non moun yo, popilasyon an gen pou l konnen yo». Popilasyon an, fanmi, kòlèg ak zanmi Néhémie pa janm sispann tann ak anpil pasyans lis non sa a nan men ansyen kandida malere pou depite nan komin Sodo a, Marc Faublas Romulus. Pou moun sa yo, si yon jou bòn fwa sitwayen mèt M. R. Faublas ta pouse li soumèt lis non sa a, se t ap youn nan pi gwo sèvis li t ap rann tout pèp Ayisyen an, paske sa ap ede lajistis fè travay yo pi rapid nan kad dosye a.

NB Se aprè menm deklarasyon Komisè gouvènman an fè sou pis moun ki ta otè épi komèt zak sa, yon ti tan ki pat twò long, gwo chabrak yo , ta siyen lèt revokasyon l e retire l nan tèt pakè Mibalè.

  1. Nan divès vag manifestasyon k ap fèt pou mande jistis ak reparasyon pou nèg TRAVÈSE a sou radyo Mega, e menm jou antèman li sou plas piblik Mibalè a, ou pa t sispann tande pèp la k ap kriye byen fò osnon ekri sou mi yo non konplè divès gwo chabrak, swa yo se gwo bouwo, gran chèf k ap viv nan vil Mibalè oubyen yo se de lòt konfrè jounalis Néhémie k ap evolye nan kapital peyi Ayiti.
  2. Tou resamman, nan mwa jwen 2022 a, senatè Willot Joseph renouvle menm pawòl Néhémie yo, lè li deklare ouvètman se senatè Rony Celestin ki asasinen jounalis Néhémie Joseph. Sa te menm pouse komisè gouvènman an, M. Gabriel Fleury envite senatè Willot pou vin reponn kesyon lajistis jou ki te lendi 20 jwen 2022 a, pou senatè rakonte lajistis ki kote li jwenn sous deklarasyon li fè a, yon envitasyon, n ap note, Willot Joseph pa t pete bay santi…

Èske asasinen yon senp sitwayen oubyen jounalis se solisyon? Nan tout Demokrasi ki ekziste sou tè a, li ekri nwa sou blan, se pèp la menm ki souveren an, se pèp la ki genyen vrè pouvwa a. Ki donk, lè bagay yo p ap byen mache e si demokrasi a endirèk, an jeneral, se jounalis peyi a ak lòt sitwayen angaje ki toujou erije yo an veritab defansè pou raple dirijan yo a lòd, fòme epi enfòme pèp la sou kijan pouvwa li a ap mal mache. Avan Néhémie te toujou gen jounalis, yo te toujou konn asasinen yo, aprè Néhémie, malgre yo asasinen anpil, men toujou chaje jounalis e ap toujou genyen ki gen kolòn vètebral yo byen dwat pou kritike tout move mès, deriv, vagabondaj, imoralite yon ti gwoup moun melanje ak kominote entènasyonal la pran plezi ap komèt nan peyi a chaj jou ki jou.

Antouka, selon tout temwayaj ak konsta yo, jounalis Néhémie Joseph di plon gaye rete byen vivan nan lespri anpil moun nan popilasyon an, k ap tann lajistis nan Mibalè tankou tè sèk k ap tann lapli, pou pote limyè sou dosye asasina jèn jounalis la ki pa ko janm achemine aprè 3 lane nan tiwa moun ki dwe bay jistis yo.

Serondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841