Ayiti: lanmò ansyen Prezidan Jovenel moise kontinye ap trennen nan labou.

Joseph Félix Badio, ki se yon prezime asasen nan lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse la selon lajistis Ayisyèn, some ayè mèkredi 19 oktòb 2022 a, Pierre Espérance (RNDDH), Garry Pierre Paul Charles (Scoop FM), Lucner Désir (Louko) ak Esaüe César (Radio Tele Éclair). Motif somasyon sa yo se difamasyon. Prezime asasen an estime jounalis ki site pi wo yo fè konnem, li se youn nan moun ki touye p. Jovenel, ki te tonbe nan lannwit 6 pou louvri 7 jiyè 2021.

Isye Renand Bolivar konfime mèkredi 20 oktòb 2022 a, efektivman se li menm ki pote somasyon ale men li pat li dokiman an, e li pa rekonèt moun ki te ba li somasyon an ale a. Isye a di tou li genyen yon lo dosye yo bali tou pou li ka remèt dwayen tribinal la men pliske se yon dosye cho li p ap potel ale ankò bay dwayen an. Li konfime se nan kabinè Palvin yo te remèt li akt la.

Mèt Palvin Phiséma bò kote pal deklare jedi 20 oktòb 2022 a, li pat okouran de akt la men sa ka rive yo eli domisil kabinè li a, pousa li pral pale ak administratè kabinè a pou li ka genyen plis detay. Mèt Palvin di li pa wè pou ki rezon moun ap fè tèt cho paske Badio soti nan silans li. Se yon bèl okazyon Badio bay lajistis pou fè limyè sou dosye a.

Depi aprè asasina krapile fondatè nasyon ayisyèn nan, Anperè Jan Jak Desalin (Jak 1e), nan kòmansman 19èm syèk la nan lè kretyèn nan, swa nan dat 17 oktòb 1806, enpinite a te tou kòmanse taye banda an Ayiti. Anpil moun pèdi vi yo nan tout domèn nan sosyete a, malerezman, youn pa ko janm jwenn jistis, malgre anpil fwa, lajistis oubyen klamè piblik konn idantifye prezime asasen yo.

Kèk ka resan nan divès sektè ki viktim an Ayiti san yon miyèt jistis ak reparasyon : Jounalis (Rospide Pétion, Néhémie Joseph), etidyan-konbatan Gregory Saint-Hilaire, Antoinette Duclaire, Batonye-Avoka Mèt Monferrier Dorval, divès polisye, anplwaye diferan ministè ak nan sektè prive a. Youn nan ka resan ki parèt pi enposib, se lanmò p. Jovenel Moïse ki kouche nan chanm kay li, ki chaje ak sekirite tout plim tout plimay, men viktim pi mal pase yon poul.

Menm jan ak lòt chèf leta osnon gran fonksyonè nan leta a ki viktim an Ayiti, ansyen p. Moïse pa t vrèman bay eskwad asasina pitit peyi a regle anyen pou li, selon sa anpil moun nan popilasyon an toujou fè eta. Aprè pratikman yon (1) lane, 3 mwa ak 14 jou, ansyen lokatè eli palè nasyonal la, ki se alafwa pitit e viktim sistèm Ayiti a, pa ko janm jwenn menm lèt J ki fòme tèm JISTIS la, se toujou e ankò menm fòmil la : l’enquête se poursuit.

Se avèk anpil etònman, nan yon moman sonb e si difisil peyi a ap konnen anba men Premye Minis peyi a, Doktè Ariel Henry ak gouvènman l ap dirije a epi tout alye, n ap raple ansyen p. Jovenel te dezinye, prezime asasen ki pote non Joseph Félix Badio voye somasyon bay divès lidè opinyon nan peyi a. Menm Badio sa a ki gen manda lajistis mete dèyè li, kòm moun ki konplote pou touye ansyen reprezantan PHTK a nan tèt palè nasyonal, s.e.m Jovenel Moïse.

Yon deblozay anpil moun kalifye de : » l’affaire dans l’affaire «. Ki vle di, prezidan an mouri, lajistis met manda dèyè Badio, alòske li menm ankò ap some moun ki site non li nan radyo. Gade yon komedi ! Jis kilè peyi sa a ap jwenn diyite li pou yon lòt fwa ?

Menm jan pwovèb kreyòl la di: sa w fè, se li ou wè. Pou anpil moun k ap fouye zo nan kalalou, se lalwa Karma a ki sanble ap suiv ansyen pitit Twou dinò a. Pa bliye, deja genyen prè de 5 jij ki pase sou dosye p. Jovenel Moïse la, se toujou nad marinad.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...