Juge Jean-Joseph Lebrun se nouvo Prezidan lakou kasasyon nan peyi Ayiti, ki nome suit ak yon arete Premye Minis Ayiti a, Doktè Ariel Henry fè pibliye nan kolòn jounal monitè ki se jounal ofisyèl peyi a. Arete sila rann piblik dimanch 13 novanm 2022.

Depi plis pase yon lane, lakou kasasyon pa t janm fonksyone aprè lanmò ansyen Prezidan li a Jij René Sylvestre, ki te mouri ak maladi COVID19 nan dat 23 jiyè 2021 nan lopital inivèsite Mibalè. Finalman, aprè anpil kritik sou legalite yon nouvo Jij selon konstisyon Ayiti a, Premye Minis Ariel tranche e mete Jij Jean-Joseph Lebrun nan tèt lakou kasasyon.

PIBLISITE PEYE

Konstisyon Ayisyèn nan klè nan atik 175 la ki di :  » Se Prezidan Repiblik la ki dwe nome yon Jij nan lakou kasasyon, aprè Sena Repiblik la fin voye yon lis ba li ki genyen twa (3) moun pou chak syèj. » Kesyon k ap poze, èske Ariel Henry tou fè tèt li pase pou paleman ayisyen an ak prezidan peyi a ?

Nan arete #31 sila ki pibliye nan jounal ofisyèl monitè Ayiti, Premye Minis defakto_konteste a Ariel Henry, fè konnen li pran arete sila pou li ka rann fonksyonèl kou kasyon an.

PIBLISITE PEYE

Nan tout peyi kote yerachizasyon nòm lalwa yo respekte, okenn enstitisyon pa konn fèmen (sof an ka de fòs majè) alewè pou yon enstitisyon osi prestijye nan tranp lakou kasasyon. Etandone ke Minis afè etranjè nan gouvènman Ariel Henry a te di devan konsèy sekirite ONU tout bagay sou kontwòl nan peyi a, èske sa ta vle di nominasyon sila mete lakou kasasyon ki se pi wo enstans jistis peyi a sou kontwòl pouvwa egzekitif la?

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841