Lekòl se yon milye moral óganize, li se you n nan enstitisyon yon sosyete ta dwe ka konte sou li pou asire avni yon peyi. Depi nan lantikite gwo sivilizasyon yo te toujou mize sou enstitisyon sila, se atravè lekòl yo transmèt valè ak jenerasyon k ap emèje yo e pèmèt yo enkilke nosyon k ap pèmèt yo reyisi lavi yo pèsonèlman e itil peyi yo ak mond la.

An Ayiti (Sen Domeng) depi nan peryòd kolonizasyon lekòl te toujou pat aksesib pou esklav yo, li te fòmèlman entèdi ak esklav yo pou yo aprann li ak ekri. San dout lekti ak ekriti se mwayen ki te ka pèmèt esklav yo konprann byen fonde sistèm nan e batay pou chavire chodyè a. E pou anpeche sa, blan yo te entèdi fòmèlman ak esklav yo pou yo aprann li ak ekri. Esklav ki te deja konn li kote yo sòti a (Afrik) te konn pataje an kachèt ak lòt esklav ti kras konesans yo te genyen. Mèt (blan) yo ki se te mèt abitasyon an konn sanksyone esklav sa yo trè sèvè a chak fwa yo sote sou jan de ka sa yo.

Malgre tout represyon ak vyolans pou esklav yo pat aprann li ak ekri sa pat anpeche yo te rive jwenn yon fòmil pou yo te chanbade sistèm nan.

Blan yo ale , men èske nwa kap dirije yo pa aji tankou blan yo?

Se vre nou rive pran endependans e kouri dèyè blan fransè ki te okipe nou depi plizyè syèk, men sa pa anpeche nou kopye enpèkfèksyon ki te nan konpòtman mèt yo. Aprè lendependans malgre volonte Jn J.Dessalines, pou te kreye kondisyon pou tout timoun al lekòl (konstitisyon 1805), men sa pat rive fèt jan sa te prevwa nan konsyitisyon 1805 lan, paske kontèks la pat pèmèt Leta envesti nan ledikasyon vrèman paske yo te oblije envesti pi fò mwayen leta a nan lame pou prepare evantyèl retou fransè yo.

Ayiti te izole diplomatikman paske pwisans yo nan peryòd la te wè endepandans lan kòm yon menas paske richès yo te baze esklizivman sou sistèm kolonyal, eklavajis ak segregasyonis.

Tan pase, mond lan evolye konteks istorik yo chanje men otorite nan peyi isit pa souvan entèrese ak edikasyon, menm sa yo ki itilize edikasyon kòm slogan nan kanpay yo pa vrèman poze aksyon konkrè pou tout mounn gen aksè ak edikasyon.

Depi 1804 ak 1860, dat ki make siyati konkòda (Concordat 1860), lekòl te toujou rete aksesib ak yon minorite, sitou pitit gwo chèf lame ak sila yo ki te rich. Pou rive jiska 《 reforme Bernard 》nan lane 1979, youn nan pi gwo refòm nan sistèm edikatif Ayisyen an, tandans elitis la te toujou ap domine nan sistèm edikatif (53, 3% timoun ki nan laj pou lekòl pat gen aksè ak lekol selon Pierre E.François).

Pandan óganizasyon entènasyonal à karaktè inivèsèl (ONU) defini edikasyon kòm yon dwa fondamantal kidonk chak Leta dwe kreye bon jan kondisyon pou chak timoun gen aksè omwen ak ledikasyon de baz. Otorite isit ki nan pouvwa ak opozisyon pa sispann laloz epi refize kreye kondisyon pou pitit sòyèt pa gen chans benefisye ledikasyon, petèt se paske se sèl mwayen ki ka pèmèt pitit klas majinalize a, jwenn yon pwomosyon sosyal.

De tout fason si tout moun gen yon minimòm edikasyon eske sa pap pèmet yo mete an kesyon pratik koripsyon politisyen yo ?

Depi plizyè deseni anpil sosyològ pale de yon edikasyon ak plizyè vitès nan peyi Ayiti. Sa vle di gen lekòl pou moun ki rich ak lekòl pou moun ki pòv. Sa ki san dout kreye yon diskriminasyon ak divès fòm prejije, kote pyès moun pa prè pou fè konsesyon pou yon pwojè kap gen yon enpak pozitif epi itil sosyete a.

Jodya olye pou nou ta kreye kondisyon pou tout moun gen aksè ak menm edikasyon epi pwone egalite chans, epi travay jiskaske jenerasyon kap vini an konprann nesesite pou yo antann yo epi travay pou pwogrè peyi a. Chèf isit voye pitit yo lekòl a letranje epi yo fèmen pòt lekòl nan peyi Ayiti.

Antouka enterè politik mesken kenbe popilasyon an nan inyorans depi plizyè syèk, batay politik tèt anba anpeche sosyete Ayisyèn nan fè yon pa kita, depi plizyè lane patikilyèman sou prezidans Jovenel Moïse yon gwoup politisyen ki tap mennen batay nan lopozisyon souvan itilize opsyon vyolans pou anpeche lekòl ouvri nan optik pou montre nan lopinyon piblik ke prezidan an paka louvri lekòl, kidonk li dwe demisyone. Note byen pa kite lekòl fonksyone sanse vinn yon estrateji politik pou nèg politik isit.

Vyolans sou divès fòm pa san konsekans sou elèv ak etidyan nan peyi D Ayiti. Nan tout peyi ki gen bon jan dirijan, menm nan sitiyasyon kriz ki fewòs yo, toujou gen konsesyon pou fasilite timoun al lekòl e mezi sa valab menm nan tan lagé.

kidonk poukisa kesyon lekòl pa fonksyone a pa deranje lidè ki nan pouvwa ak opozisyon nan peyi isit. Eske se yon fòmil pou rann pitit malere ak malerèz vin pi medyòk pou yo pa gen lisidite pou konprann move jesyon politisyen rat do kale yo?

Eske se yon plan pou tout pitit sòyèt vinn bandi, pou sèl pwofesyon se al vòlè eleksyon pou politisyen yo sèlman?

Si nan lepòk kolonizasyon yo te anpeche esklav yo jwi dwa sila, yon fason pou blan yo te ka zonbifye yo, èske se ta nan menm objektif sa dirijan nou yo vle prive nou, de edikasyon tou?

Younn nan eleman ke nou dwe sonje: Kolon , blan oubyen mèt abitasyon yo (nan tan lakoloni) te kite pitit yo ak fanmi yo nan metropòl la (anfrans), men yo te blije rete nan koloni an pou kalite richès ki te genyen nan espas.Donk misyon yo se te eksplate richès nan koloni pou voye bay fanmi yo banbile lòt bò, pandan y ap maltrete san kondisyon esklav yo. Konsta yo revele tout gwo chèf ki nan pouvwa ak opozisyon nan peyi isit ,pitit yo ap resevwa bon jan ledikasyon nan peyi etranje pandan yo pa sispann maltrete pèp la.Ki diferans ki genyen ant kolon yo ak chèf k ap dirije nou yo aktyèlman Ayiti?

Tèks san Otè

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841