Lang kreyòl se yon nan eleman fondalnatal ki soude tout Ayisyen sou latè beni e ki te yon wòl estratejik pou n te mete yon fren ak esklavaj. Jodya si nou egziste kòm pèp se youn nan senbòl ki reprezante idantite nou.

Ki kote lang kreyòl la sòti ?

Lang kreyòl yo parèt nan yon moman gwo boulvèsman nan listwa limanite kote Ewopeyen (Pòtigè, Anglè, Fransè, Espayòl, Olande) t ap bwote nèg nwa (afriken), mennen yo vin fè esklav nan koloni yo te genyen nan Amerik la. Nan moman sa yo, Potigal te deja gen koloni sou kontinan afriken an. Se sa ki fè nou wè sèten peyi afriken, tankou Kapvè, gen yon föm lang kreyòl avèk baz pòtigè.. Nou deja konnen nan ki kondisyon epi pou ki rezon Ewopeyen t al chache moun nwa sou kontinan afriken an, mennen yo vin fè esklav nan koloni yo. Esklavaj nan nouvo kontinan an pral pote yon pakèt boulvèsman pou limanite. Youn nan boulvesman yo se te prezans Afriken (nwa) nan koloni yo. Esklavaj la pral mete Amerendyen natif yo, Ewopeyen (blan) ak Afriken (nwa) nan sitiyasyon pou yo kominike. Gen otė ki di tout lang se lang kreyòl, paske tout lang kale nan fwotman plizyè lang. Men, yo pa ka neglije kondisyon fòmasyon lang kreyòl yo paske se vyolans la ki kreye bezwen kominikasyon an.

Dapre Hazaël-Massieux, (Azayèl Masye), yo jwenn tras mo «créole» la nan diksyonè Richelet 1680. Nan epok sa yo, mo kreyòl la te vle di : blan ki fèt nan koloni yo. Apre sa, li pral evolye pou li tounen: tout sa ki fèt nan koloni an. Epi finalman, yo pral asosye lang kreyòl la ak pale moun nwas k ap viv nan koloni yo.

Genyen 2 eleman pou nou konsidere nan fomasyon lang kreyòl yo. Premye a se lang sous la, lang kolon an, se li ki pral bay esklav yo minimòm vokabilè yo bezwen pou yo kominike ak mèt la; dezyèm eleman an, se lang pa-anba» a, sa yo rele lang substrat» an franse a. Lang epa anbas a se lang nwa yo pote avèk yo nan koloni an, se lang ki nan tèt nwa ki fenk debake nan koloni an. Gen plizyè teyori sou fomasyon lang kreyòl yo». Premye teyori a chita sou lang sous la (Chaudenson 2003). Kreyòl la soti nan lang sous la (lang premye kolon yo). Men esplikasyon an: Anvan koloni yo te vin koloni plantasyon, yo te koloni abitasyon. Dapre otè sa yo, esklavaj la potko makawon tankou jan li pral vini pi devan. Dapre otè sa yo toujou, esklav yo, menm jan ak pitit kolon yo, te konn jwenn pen lenstriksyon nan men pè, ki t ap fè lekòl yo. Nan epok sa yo te gen plizyè dyalèk nan lang franse a. Lang kreyòl la gen tras plizyè dyalèk lang franse a, egzanp: nòman, pika. Agiman an parèt bèl pou yon Ewopeyen, men li pa koresponn ditou ak reyalite vyolans esklav yo te deja ap viv anvan Wa fransè a te pibliye Kod Nwa nan lane 1695. Fòk nou pa bliye, piblikasyon Kòd Nwa a fèt nan lide pou yo amelyore kondisyon moun yo te mete esklav yo.

Dezyèm teyori a chita sou lang pa anbas a (Sylvain, Mufwene, Degraff). Depi an 1936, Suzanne Comhaire-Sylvain te deja di lang kreyòl la se yon lang ewe avèk leksik franse. Men ki jan Sylvain esplike chanjman ki pral bay lang kreyòl la lè Afriken (nwa) yo, ki pral vin kreyolofon yo, tande franse, yo kenbe son an ak sa ki mache avèk li a (referans), men li pral ranplase tout trè, ki gen rapò avèk chapant oswa varyasyon nan mo yo, avèk patikilarite li jwenn nan pwòp lang afriken li. Lè yo konpare chapant lang kreyòl la ak chapant lang fongbe (afriken) yo jwenn vèb yo (predika) swiv prèske menm konstriksyon yo nan 2 chapant yo. Egzanp ki pi senp pou nou tout konprann prezans lang «> pral tounen «tab la», «de soulier» pral tounen <<soulye a». Lè yo poze kesyon, kouman fè yo jwenn sèten trè nan kreyòl ayisyen an nan kreyòl ki nan oseyan Endyen yo.

Gen yon lengwis Sechelwa ki te reponn. Li te fè konprann se paske se menm machann esklav yo ki t ap bwote menm esklav (ewe) yo ni nan Karayib la, ni nan zile oseyan Endyen yo. Gen yon twazyèm teyori ki chita sou Gramè Inivèsèl (Bickerton 1998). Teyori sa a chita sou sa nou ta rele <> la. Lang kreyòl la soti nan koupe kontak. Esklav, ki fenk debake nan koloni an, oblije aprann yon nouvo lang san li pa nan kondisyon pou li aprann li byen. Teyori sa a lage fomasyon lang kreyòl la sou do «timoun piti»> yo, ki oblije envante yon lang. Paske yo pa gen kontak <> avèk manman yo, yo oblije envante yon nouvo lang nan mitan timoun parèy yo. Sa ki fè sa posib, se paske, daprè teyori jenerativis, tout moun fèt avèk gramè inivèsèl lang yo nan tèt yo. Men, pou teyori sa a ta vre, se pou li ta esplike kouman timoun yo, ki koupe kontak yo, fè pataje yon seri eleman avèk manman yo malgre yo pa gen kontak.

Ki jan Michel-Ange Hyppolite» esplike orijin lang kreyòl la ? Mo kreyòl la soti nan yon mo laten creare ki vle di kreye. Li pran yon kouch poud nan lang pòtigè pou li tounen criar ki vle di fe levasyon timoun epitou patisip pase mo a, nan lang pòtigè toujou, vin bay criado, elve yon timoun. Apresa, toujou nan lang potigè, li vin gen sans yon domestik ki fèt nan fanmi kote li ap rann sèvis la. Ane yo pase. Yon tèminezon «oulo» te ranplase tèminezon «ado>> a nan mo criado a ki fè li vin tounen crioulo. Ak modifikasyon sa a sans mo a te vin chanje. Li te vle di esklav afriken ki fèt nan kontinan Amerik la. Pi devan toujou mo crioulo a vin gen sans konpòtman ak abitid esklav yo nan Nouvomonn lan (kontinan amerik la). Ane yo kontinye ap pase, menm mo a vin gen sans abitid ak fason pale afriken kou ewopeyen ki fèt nan kontinan ameriken an (J. Holm: 1988). Pi ta toujou, lang kou franse, panyòl, angle ak olandè vin natiralize mo crioulo a ak òtograf pa yo, pou li vin bay sans nou pral li la yo. Premye konsta: sòti nan ane 1980 yo pou nou rive nan ane 1990 yo sans lengwistik mo kreyòl la chanje nan diksyonè tankou Petit Robert ak Petit Larousse. Nan ane senkant yo, mo kreyòl la te gen sans: dyalèk lang franse. Sepandan, rive nan ane swasant yo, li rantre nan kategori lang matènèl (Pradel Pompilus, 1983). Anfen, sòti nan fen ane 1980 yo pou rantre nan ane 1990 yo lang kreyòl vin jwenn plas li kòm lang matènèl moun ki ap viv nan Antiy yo ak nan zòn Oseyan epi yo mete sou li definisyon mo a nan domèn lengwistik.

Gen divès kalite lang kreyòl. Fouyapòt lang yo klase yo daprè lang ki founi plis mo nan devlopman lang kreyòl yo vle konsidere a. Nan kwaze lide ant divès kalite ekspè nan domèn lang, tout kalite teyori parèt sou orijin lang kreyòl Ayiti a. Genyen twa ladan yo ki trè popilè. Anvan nou etale teyori sa yo, nou dwe raple nou chak grenn teyori mache ak yon tandans dèyè li, kidonk, yo tout ansanm reprezante yon latriye lide ki gen kèk ne verite ladan yo, men ki pa nesesèman bay tout laverite a san fè peche. Se poutèt sa tou, entansyon nou jodi a, se pa tabli sou okenn nan teyori sa yo, men depreferans fè nou konnen yo ekziste. Konsa, pyès moun pa pe kab ban nou zannana pou Sizán osnon kann pou banbou. Daprè sèten lengwis, lang kreyòl nou an se yon patwa, maren yo kreye sou lanmè pandan vwayaj maren franse yo, ki pa te pale franse ki te sèvi nan ile de France lan.

Mesye sa yo te pale pika, pwatven, nòman elatriye… Kom yo pa te pale menm lang, nan pale ant yo menm, yo te vin kreye yon lòt lang. Pandanstan, bato negriye angle, pòtigè, olandė te konn fè komès ak bato franse yo. Sa te vin lakòz lang mesye franse yo te konn pale a melanje ak lang maren lòt bato negriye yo. Se lang sa a, daprè lengwis ki apiye teyori sa a, pirat franse yo vin aprann blan esklav, ki te rele angaje yo, lè yo vin ap viv sou tè fèm. Se menm lang sa a tou kolon yo te vin pale ak esklav yo nan plantasyon yo (Léon-François Hoffman, 1995). Pawòl sa a gen yon ti pwent verite ladan, paske nou jwenn mo nòman, pika, eksetera, nan kreyòl Ayiti a: makwo, non yon pwason nan lang noman (maquereau) ak wouze (rosée) nan lang nòman an toujou.

Gen yon lòt kategori lengwis ki deklare kreyòl la se yon lang afriken ki abiye ak vokabile franse. La a ankò gen kèk verite, paske nan konpare lang kreyòl ayisyen an ak lang ewe yo, yon etnolengwis, tankou Serge Fuertes remake anpil similarite ant sentaks kreyòl ayisyen an ak sentaks lang ewe yo. Yon ekzanp pami yon dal lòt, se fason lang kreyòl la fome pliryèl li, kote nou wè pliryèl la kreye ak yon mo ki ekri sou bò dwat mo ki dwe opliryèl la. Sa soti nan lang afriken yo (Bilten Koukouy, 1992).

Gen lot lengwis ankò ki pa tande ki pa wè, yo di daprè obsèvasyon pa yo, lang kreyòl la se yon lang ki fet nan plantasyon yo menm akoz fason divès gwoup esklav yo, ki pa te pale menm lang, te oblije viv ant yo menm ansanm ak Endyen yo. Anfèt vestij kilti endyen nou jwenn nan kreyòl ayisyen an ansanmak karakteristik kiltirèl divès etni afriken nou jwenn nan vodoun an (Alfred Métreaux, 1958) ta kab bay moun sa yo rezon tou. Konsa, ki kote lang kreyòl nou an soti? Kondi pwofesè Nathan Ménard, nan Inivèsite Monreyal: «Nou poko konnen». (Istwa Pwezi Kreyòl, 2000)

Depi ki dat Akademi an egziste ?

Se nan dat 4 desanm 2014, 33 premye Akademisyen yo jwenn enstalasyon yo. Men kèk dat enpòtan pou Akademi kreyòl Ayisyen an:

i. 29 mas 1987, vòt konstitisyon 1987 la;

ii. 26 oktòb 2011, kòlòk sou lang kreyòl: ki pwoblèm? ki avantaj ? ki defi? ki avni ?; 10 desanm 2012, vòt Lwa Kreyasyon Akademi an nan Sena a;

iv. 23 avril 2013, vòt Lwa Kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an nan chanm depite yo;

V. 7 avril 2014, piblikasyon Lwa Kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an nan jounal Le Moniteur (#65).

vi.4 desanm, enstalasyon Akademi Kreyòl Ayisyen;

vii. 21 fevriye, Jounen entènasyonal lang matènèl;

viii. 28 októb, Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl.

Bibliyografi

Alain Khim, Daniel Véronique, Qu’est ce qu’une langue créole ?, http://htl linguist univ-paris

iderot fri media/laboratoire/kihm veronique 1. pdf, dat konsiltasyon 15 janvye 2018

«Men ki jan Alain Kilm ak Daniel Véronique prezante kontribisyon Suzane Comhaire-Sylvain nan

http://htl.linguist.univ-paris-diderot.fr/media/laboratoire/kihm veronique 1.pdf

Michel-Ange Hyppolite se yon Akademisyen. Li se yon pwofesè Byoloji, li gen yon metriz nan Edikasyon, li se ekriven, powèt, epi li se kritik literè.
Michel Degraff se yon manm Akademi Kreyòl Ayisyen. Li gen yon doktora nan lengwistik
Michel Degraff, Language and Linguistics Compass 3/4 (2009): 888-971, 10.1111/j.1749 818x.2009.00135.x Journal Compilation 2009 Blackwell Publishing Ltd

Holm & Patrick’s (2007), Comparative Creole Syntax:Parallel Outlines of 18 Creole Grammars

Sous: Ekstrè konpilasyon ak rechèch Pierre Michel CHERY, Akademesyen Ayisyen soti nan paj 48 pou 50.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar