Uzra Zeya sou sekretè deta sekirite sivil demokrasi ak dwa moun Etazini ki nan yon toune nan peyi Repiblik Dominikèn pou 2 jou, soti 26 pou rive 28 oktòb 2022, te rankontre ak prezidan Dominiken an Luis Abinader jedi 27 oktòb la, te profite mande prezidan Abinader pou gouvèman an respekte dwa moun ki pi fèb yo epi kontinye lite kont trafik moun, krim ak dwòg. Li profite mete aksan sou ayisyen yo ki plis vilnerab yo.

Depatman Deta te fè konnen mèkredi 26 oktòb 2022 a, vizit Uzra rantre nan kad lit kont kòripsyon ak dwa moun, krim ak dwòg.

Madam Uzra profite ankouraje gouvèman dominiken an pou vini ak yon lwa sou tretman moun ki dwe reponn ak egzijans entènasyonal la. Lwa sa ap jwenn asistans teknik gouvèman Ameriken an.

Anpil Ayisyen k ap viv an Repiblik Dominikèn pa sispann plenyen de move tretman ak imilyasyon y ap sibi kay peyi vwazen an ki san respè pou moun.