Lajistis Dominikèn kondane Midrene Manessa Millien madan vis delege Awondisman Laskawobas la, ak sèvant li Farah Joseph pou pase 3 mwa nan prizon. Yo te arete yo 8 novanm 2022 a sou fwontyè Elias pinas la ak 22, 160 katouch pou zam gwo kalib.

Jij César Aigusto Quezada prononse santans Mildrene Manessa Millien ak sèvant li Fara Joseph k ap genyen pou pran 3 mwa prizon an Repiblik Dominikèn nan provens Peravia pou korije yo etou reyabilite yo pou zak yo te komèt la.

PIBLISITE PEYE

Ministè piblik la ki te reprezante pa prokirè Ramil Cadet demontre nan odyans lan yo te kenbe an aflagran deli 2 medam yo ki vyole atik 265 e 266 kòd penal dominiken ak atik 70 lwa 631-16 sou kontwòl ak reglemantasyon zam ak minisyon.

Manessa ak Fara te arete nan yon jeep Lexus blanch ak yon ti bebe 1 an 3 mwa. Leta Dominiken te remèt bebe a ak papa li, vis Delege Arondisman Laskawobas la Yvanosky Joachin ki se mari Manessa Millien.

N ap siyale nan odisyon Manessa, li fè konnen se pou Chilet Louis yon gwo bra Beladè ki se pwopriyetè yon Otèl ki alafwa ansyen maril ke li te pote katouch yo san li menm pèsonèlman li pat konnen sa si se te katouch ki te ladan yo.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar