Pou selman ane 2022 a sèvis imigrasyon nan Repiblik Dominikèn mete deyò anviwon 96 722 ayisyen sou tèritwa dominiken an selon sa jounal Listín Diaro fè konnen Jeudi 1 desanm 2022 an.

Nan politik migratwa Dominiken an gouvènman Luis Abinader a, te lanse yon pwosesis rapatriye tout ayisyen ki antre ilegalman sou tèritwa Dominiken an, selon sa jounal Listín Diaro fè konnen nan yon atik ki sou sit ofisyèl yo, e nan demach sila ni timoun ni granmoun pa epanye.

Pou sèlman ane 2022 a, Sendomeng voye tounen an Ayiti anviwon 96 722 ayisyen selon sa kotidyen Listín Diario fè konnen sou sit ofisyèl li.
Sepandan konsta yo bay anpil Ayisyen al refijye yo dènye tan sa yo nan Repiblik Dominikèn ki se yon Eta limitwòf ak Ayiti akoz pwoblèm sosyo-politik k ap ravaje peyi papa Desalin nan, sepandan gouvènman Luis Abinader a pa konsidere Ayisyen sila yo tankou moun ki byenvini sou tèritwa Rafael Trujillo a, kidonk yo lanse yon pwosesis rapatriman kont tout ayisyen ki antre ilegalman sou tèritwa dominiken an, sa ki bay yon total 96 722, ayisyen ke yo depòte.

Yon lòt kote kotidyen dominiken an ki se Listín Diario rapòte sòti lane 2016 pou rive novanm 2022 Repiblik Dominikèn mete deyò anviwon 38 3557 ayisyen ki te twouve yo sou tèritwa dominiken an.

Jefferson BONISSANT, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841