Pou mete bout nan pratik byen lontan nan fason resous natirèl yo konn esplwate nan mond lan, Nasyon Zini rive apwouve yon nouvo sistèm jesyon (UNRMS) pou jesyon dirab resous yo. Zouti jesyon dirab resous sila yo te prezante mèkredi 9 novanm 2022 a nan COP27 la.

Selon ajans Onizyèn ki nan Genèv, materyo nou konsome ki resikle yo anba 10% . soti 1970 rive 2017, eksplwatasyon Min yo triple nan mond lan pou rive 92 milya tòn chak ane.

PIBLISITE PEYE

Daprè etid yo si sa kontinye mond lan pral bezwen anviwon 190 milya tòn materyo chak ane rive 2060, selon alèt CEE-ONU k ap prone yon chanjman radikal nan fason n ap konsome, deplase, fabrike ak devlope pwodui nouvèl teknoloji yo.

Klasifikasyon Kad Resous Nasyonzini (CCNU) ofri kèk zouti pou jesyon resous antropik yo sitou resous sekondè yo. UNRMS ap travay ak peyi manb li yo pou itilize yon resous ki pral endispansab bese anprent kabòn ak ekoloji selon Charm El-Cheikh, Olga Algayerova ki se sekretè egzekitif komisyon ekonomik Nasyonzini pou Ewòp la ( CEE-ONU)

PIBLISITE PEYE

Malgre objektif ki fikse, sitou nan konferans klima yo nan mond lan, pa genyen twòp peyi ki fè gwo jefò pou respekte egzijans yo pou pèmèt yon anviwonman sen.

Sadrax ULYSSE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841