Kolektif Alternatiba ak GAFE ofri Ayiti yon PAK pou yon Tranzisyon Ekolojik ak Sosyal

Mouvman Sitwayen Pou Klima/Kolektif Alternatiba Ayiti, nan tèt kole ak Groupe d’Action Francophone Pour le Développement (GAFE), òganize yon atelye fòmasyon pou plizyè jounalis ki soti nan diferan medya, kote yo te patisipe nan divès aktivite. Atelye sila te fèt nan chèf lye depatman Sant lan, komin Ench, zòn Papay nan lokal mè Kamelia yo, soti dimanch 4 pou rive lendi 5 desanm 2022 a.

Nan kad fòmasyon sila, animatè Harry Régis ak David Tilus te prezante metodikman 5 pwen kilminan ki kwafe lide prensipal atelye sila ki gen pou tèm : Pacte pour la Transaction Écologique et Sociale en Haïti, yon zouti yo fè konnen ki te deja pibliye ant 2019 ak 2020, tou suit aprè 789 sitwayen te rankontre pandan 7 fowòm ak 3 atelye sitwayen, GAFE li menm te dirije.

5 gran aks ki fòme PAK la rezime konsa :

  1. Klima ak Divèsite Byolojik: Mezi pou limite emisyon gaz ki lakòz efè tèmik, pwoteksyon espès ak ekosistèm nan.
  2. Jistis Sosyal ak Solidarite: Egalite ant gason ak fanm, sipò pou moun ki pi vilnerab yo, tankou andikape, òfelen, granmoun aje.
  3. Demokrasi ak Sitwayènte: Mekanis ankourajman pou patisipasyon sitwayen yo nan jesyon tèritwa a.
  4. Administrasyon Piblik: Asire yon sèvis piblik ki pa gen diskriminasyon e ki gen bon jan kalite.
  5. Ekonomi: Ekonomi sikilè, agrikilti responsab ak pwomosyon kout sikwi ki minimize transpò ant pwodiktè ak konsomatè.

Objectif Jeneral PAK la se pèmèt chak grenn Ayisyen rive konsyan peyi a gen yon pwoblèm ekolojik grav ki plane sou tèt li, men ki kapab repare, lè pou pòs desizyonèl ak elektif yo, mas pèp la rive konsyantize se yon obligasyon pou li vote kandida ki gen sifizamman kapasite ak detèminasyon, pou ale fè pledwaye sa a kòm reprezantan yo, nan pwochèn eleksyon ki gen pou vini yo.

Anplis, atravè divès pwogram, GAFE ak Collectif Alternatiba fè pati gwoup k ap batay danble pou pwoteksyon anviwònman an Ayiti. Atelye fòmasyon sou Pak pou Tranzisyon Ekolojik ak Sosyal an Ayiti, se yon fason pou yo defann angajman sitwayen nan devlopman dirab, Demokrasi ak Jistis Sosyal, malgre sitiyasyon difisil la.

N ap note, GAFE se yon òganizasyon ki espesyalize nan devlopman lokal, edikasyon anviwònman, sitwayènte ak klima. Òganizasyon sa a bay tèt li misyon pou sansibilize jèn yo sou enpak chak aksyon yo genyen sou ekosistèm nan ak sosyete Ayisyèn nan, atravè diferan domèn entèvansyon: kontribiye nan enklizyon nan yon sosyete sivil enklizif ak angaje a, kontribye nan emansipasyon an nan tèritwa yo, aji pou Tranzisyon Ekolojik ak Sosyal la rive tabli.

GAFE ak mouvman Alternatiba AYITI gen kwayans solisyon anpil kriz k ap travèse bil nasyon Ayisyèn nan depi plizyè ane, chita kò l nan patisipasyon chak grenn sitwayen, timoun, jèn ak granmoun.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841