Se Lafrans ki dwe Ayiti, Ayiti pa dwe Lafrans

Soti 17 avril 1825 pou rive 17 avril 2023, sa fè egzakteman 198 lane depi Lafrans, atravè wa Charles X, te enpoze Ayiti yon òdonans pou fòse Ayiti prye Lafrans 150 milyon fran-lò, nan sousi pou rekonèt endepandans Ayiti. Jodi a, 2023, se plis pase 28 milya dola ameriken Lafrans dwe Ayiti, selon yon ansanm done ekonomis fransè Thomas Piquetti te prezante an 2022 sou kesyon an.

Pou peye lajan an, Boyer te sakrifye mas peyizan yo, travayè agrikòl yo pou peye yon dezyèm tranch nan lajan. Ayiti pral fini peye ranson endepandans lan e se la li pral tounen, an menm tan, peyi ki pi pòv sou planèt la.

Endemnite a te kraze pitit Desalin yo, sa vle di li te kraze plat mas peyizan nwa ki t ap travay nan agrikilti, pandan l rekonfòte pitit ansyen kolon yo, sa vle di boujwa milat yo. Ayisyen yo peye yon lajan lajan yo te deja peye ak san yo, depi nan peryòd mawonaj, pase pran Bois-Caïman, pou rive Vertières.

Nan listwa, konsèp Edemnite a fè referans ak yon pri yon peyi oblije peye yon lòt, aprè yon gè. Peyi ki pèdi a, se li k ap peye pri sa, li kapab an nati, men jeneralman li an espès. Nan ka Ayiti a, puiske se fransè yo ki te pèdi gè a, sa fè se yo ki te dwe peye tout pèt an vi imèn osinon lòt bagay ki te detui pandan batay yo, nan sousi pou repare tout sa.

Pou anpil istoryen, se lakòz anpil presyon Jean Pierre Boyer, prezidan Ayiti nan epòk la, t ap resevwa anba men Lafrans, kòm kwa yo p ap rekonèt endepandans Ayiti, y ap destitiye Boyer sou pouvwa a…

Pi lwen, istoryen yo fè alizyon ak « Jean Jacques Dessalines » ki li menm te envesti 3/4 nan bidjè peyi a nan lame epi konstwi anpil « fò », nan sousi pou anpeche yon evantyèl retou fòs fransèz yo, ki ta ka foule sòl la ankò a nenpòt ki moman. Paske, masak fransè yo te kite yon gou amè nan bouch Lafrans, malgre Dessalines te evite elimine tout fransè ki genyen yon dimansyon sosyal elve (Anseyan, Medsen, Prèt…)

Jou ale, jou vini. Lendi ki te 07 avril 2003, nan kad yon diskou ki te vize selebre 200èm anivèsè asasina Tousen Louvèti, ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide te pwofite fè yon bilan sou enpozisyon ekonomik la. Yon lajan ki ta pral fin peye jis nan lane 1888, pandan enterè yo t ap fin ranbouse totalman nan lane 1950. Ebyen, prezidan Aristide te mande ouvètman pou Lafrans restitiye Ayiti lajan sa a, ki te alepòk evalye a anviwon « 21 milya » dola ameriken.

Nan lane 2015, ansyen prezidan fransè a nan epòk la ki te François Hollande, te deklare ouvètman dèt Lafrans gen pou Ayiti a se yon dèt moral, e non ekonomik.

Poutan, Ayisyen kontinye mande Lafrans kale l lajan l. Dayè, Ayiti pa premye peyi sou latè k ap poze pwoblèm endemnite, reparasyon ak restitisyon an. Lafrans, Almay, Etazini, Almay, tout konn peye endemnite yo gen pou lòt peyi, se sa ki pouse anpil Ayisyen rete kwè yon bon gouvènman Ayisyen kapab ede AYITI rekipere lajan sa a.

N ap fè konnen, e se enpòtan, aprè peyi Lafrans, Lèzetazini damerik di Nò dwe Ayiti plis pase 61 milya dola Ameriken, aprè yo te fin piye bank nasyonal peyi a, nan lane 1914. Adisyon 2 sòm sa yo, Lafrans ak Lèzetazini dwe Ayiti, sa bay anviwon 176 milya dola ameriken 2 peyi sa yo dwe Ayiti, menm AYITI y ap trete de peyi ki pi pòv sou tout planèt la.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...