Sòti 11 pou rive 14 avril 2002, peyi Etazini te mete tèt li ak Lespay, plis opozisyon venezyelyèn nan, pou atame yon tantativ koudeta kont prezidan Hugo Chavez. Menm si yo te arete l, eskpilse l sou pouvwa a pou mete Pedro Carmona asire plas li a pandan 47 tè, sa pa t anpeche fòs militè peyi a melanje ak yon kokennchenn manifestasyon popilè, te rive brize totalman tantativ sila, e retabli kòmandan an sou pouvwa a.

Malgre dezakò yo, divès sektè enpòtan nan fòs lame a ak lòt sektè nan opozisyon anti-Chávez la, te refize sipòte koudeta Carmona a. Yon tantativ koudeta gouvènman Amerik Latin yo ak divès òganizasyon entènasyonal ta pral kondane pandan 16èm somè Gwoup Rio a, ki te reyini nan peyi Costa Rica.

Sou menm lanse a, Etazini ak Espay ki se 2 peyi melanje ak yon pati nan opozisyon an ki te manniganse tantativ koudeta a, byen vit, te rekonèt gouvènman defakto Carmona a epi jete kòmandan Chávez, poutan, sa ki parèt trè etonan pou anpil moun, se paske menm peyi sa yo (Etazini / Espay) ta pral rive kondane menm koudeta sila a yo te planifye a, yon fwa li te fin echwe a.

Koudeta a te planifye pou 6 a 9 mwa, epi li te fèt aprè kèk lwa te antre anvigè an nan mwa novanm 2001 epi aprè gouvènman an te eseye ranfòse kontwòl li sou konpayi petwòl leta Venezwela ki se « PDVSA ». Pi ta, yon grèv jeneral ta pral fèt nan mwa desanm 2001, e pandan mwa janvye 2002 a, plizyè ansyen ofisye te mande Chávez kareman pou li demisyone.

Nan kòmansman mwa avril 2002, grèv ant gouvènman an ak opozisyon an te mennen nan yon grèv nan PDVSA, ki te tounen yon grèv jeneral nan dat 9 avril 2002, grèv sendika CTV (Konfederasyon Travayè nan Venezyela) te aksepte grèv sa a ki te fè plizyè jou. Nan dat 11 avril 2022, fòs lòd yo te detounen yon manifestasyon opozisyon an ki t ap pran wout palè prezidansyèl la, kote ki te genyen yon rasanbleman pwo-Chávez ki t ap fèt.

Lè manifestasyon sa a te rive nan sant vil la, anpil vyolan te fèt, anpil moun te mouri epi plizyè lòt te blese pa bal. Medya prive Venezyelyen yo te kouvri aktivite manifestasyon an, pandan yo te refize fè entèvyou ak ofisyèl gouvènman an, yo pa t kouvri manifestasyon pwo-Chávez la, yo te inyore tantativ patizan Chávez yo ki te vle deklare prezidan an pa t demisyone epi yo te inyore Lame a ki te vle pale an piblik e di yo jete koudeta a.

N ap note, Tankou sa te ye pou AYITI, fanm yo nan peyi Venezyela pa t kanpe gade opresè yo k ap mache pran yo. Anpil fanm te kanpe pou rann posib revolisyon sila nan peyi Venezyela. Se nan kontèks sila ekriven, jounalis… Thierry Deronne, pou kontinye fete 21 lane yo, prezante yon fim sou « Le féminisme populaire », nan sousi pou onore lit ak detèminasyon fanm yo nan batay pou byennèt tout moun nan peyi yo Venezyela.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841