Mèkredi ki te 03 me 2023 a, Chanm komès ak Endistri Ayiti (CCIH), Asosiyasyon Endistri Ayiti (ADIH), la Chanm Komès Amerikèn Ayiti (AMCHAM), Chanm Komès ak Endistri Lwès (CCIO), ekri minis ekonomi ak finans lan, Michel Patrick Boisvert, pou pwopoze yon ansanm mezi ki vize korije tout dega kontrebann k ap fèt sou mache fòmèl Ayisyen an.

Kòrespondans sa raple gouvènman Ayisyen an se depi nan mwa dawout 2022 li te pran yon ansanm mezi pou transparans nan Dwàn yo ak kontwole fontyè Ayisyano-Dominiken yo. Yon desizyon ki bliye nan tiwa Leta Ayisyen ki pa janm aplike jiskounye a, ki gen gwo konsekans sou mache fòmèl Ayisyen an.

Asosiyasyon yo avanse pou di Ajan Dwanye yo konfime yo pa ka fè vrèman yon kontwòl efikas nan fontyè tèrès ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn. Alòske, depi mwa Dawout 2022 a, sitiyasyon kontrebann nan ogmante yon fason eksponansyèl, sitou pou mwa fevriye pase a.

Yon lòt kote, Asosiyasyon yo prezante yon tablo sonb pou antrepriz fòmèl Ayiti yo fas ak kantite pwodui kontrebann k ap soti nan Repiblik Dominikèn, yon sitiyasyon ki pa san konsekans sou ekonomi Ayisyèn nan. Yo pwopoze pou Leta Ayisyen entèdi yon ansanm pwodui soti lakay Dominiken pase pa vwa tèrès, men pito pa vwa maritim ak ayeryen, menm jan sa te fèt nan lane 2015 sou minis finans Wilson Laleau.

Pou Asosiyasyon yo, Antrepriz Ayisyèn yo p ap janm konpetitiv si y ap fè fas ak sifaktirasyon abitrè sa yo ak kantite kontrebann k ap travèse fontyè Ayisyano-Dominiken yo.

Pou fini, Dwàn Ayiti pa manke kontwole rekò nan dènye mwa sa yo pandan setan, kontrebann lan rete yon pwazon vyolan epi mòtèl pou enstitisyon an. Konsa, divès sitwayen ap mande èske se pa yon maryaj koripsyon ak kontrebann dirijan yo kreye pou fè bè yo nan dwàn yo?

Washington FLORVIL, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841