45 fanm ki te patisipe nan 10 jou fòmasyon sou domèn enfòmatik sk tèm: «Relans Ekonomik ak Otonomi Fanm yo nan peyi Ayiti» resevwa sètifika aptitid yo 19 me 2023 nan lokal IBERS la ki twouve l nan ansyen baz MINUSTAH sou wout byenak la Gonayiv.

Pou rive mete bout ak Fòmasyon Sila, responsab yo nan konsèy Nasyonal sosyete sivil Ayisyèn (KNSA), Ministè kondisyon fanm ak dwa fanm (MKFDF) epi anbasad Taïwan te òganize yon gwo seremoni an prezans reprezantan Ministè komès ak endistri a Pwofesè Obanel, sekretè jeneral bawo lòd avoka yo nan Gonayiv Mèt Luc Occera, Jij titilè eta sivil seksyon Sid la Majistra Esther Lebreton, reprezantan òganizasyon fanm yo Mme Venante Pierre pou kondisyon fanm ak dwa fanm (MKFDF)…

Pwofesè Cily Lefort ki se fòmatè (KNSA) deklare se ak yon santiman de jwa yo te rayalize 10 jou fòmasyon sa nan depatman Latibonit, kote yo rive fòme 45 fanm sou domèn enfòmatik. M Cily fè konnen pi gwo kontantman yo nan lansman fòmasyon an, yo te reyalize yon pretès, majorite nan patisipan yo di yo konnen laptòp, yo tande pale de enfòmatik men yo pa t ka manevre malgre anpil nan yo ap travay nan biwo, yo wè yon dèkstop sou biwo men yo pa konnen jan pou yo manevre l.

Nimewo en KNSA di aprè 2 semèn fòmasyon sa yo klotire jounen vendredi 19 me a fanm sa yo kapab :
1) Ouvri Yon òdinatè
2) Kreye yon fichye
3) Fè Yon tablo
4) Monte yon paj
5) Tape pwojè elatriye…

Pi lwen, fòmatè a fè konnen medam sa yo kapab afwonte mache a, sa vle di yo kapab travay kòm sekretè biwo, pandan l mande ak yo pou kenbe Kòdonatris Ministè kondisyon fanm ak dwa fanm nan ki nan Latibonit, Mme Jeanne Bolivar ki, selon li menm, t ap fè yon gwo pledwaye pou fòmasyon sa te ka rive fèt pou medam yo.

Depi nan 3èm jou reyalizasyon fòmasyon an, benefisyè yo te fè plizyè demand ak prezidan (KNSA) Mr JOSEPH Domingue Orgélla nan lide pou wè kòman l ka rive fè yo benefisye plis fòmasyon sou kosmetoloji, kizin ak patisri selon Pwofesè Cily Lefort ki fè konnen Nimewo en KNSA deja pran oserye demand yo paske medam yo vle aprann . Ki donk, li di jounen jodi a medam sa yo fòme sou plan akademik ak pwofesyonèl pou ranfòse kapasite yo.

Pwofesè Cily Lefort di sevre medam yo konn swiv fòmasyon yo ba yo manje ak frè transpò men yo pa konn jwenn anyen pou ranfòse yo. Li fè konnen anndan konsèy la yon premye fwa yo te pati sou apwòch pa konpetans men jodi a yo rive nan faz konsyantizasyon, òganizasyon y ap travay pou mete medam nan yon nivo pou rann yo otonòm swit avèk yon pwofesyon pou yo kapab kreye aktivite yo pou fè lajan, lè sa vrèman fanm yo ap wozo y ap pale a. Pwofesè Lefort fini pou di atant yo pou 45 fanm sa yo se:

1) Fè disip
2) Sèvi kominote yo .
3) Reve Ayiti 2054 la kote majorite moun kapab genyen Yon pibon kapasite pou reflechi pou’n rive kote’n vle rive a.

Reprezantant kodinasyon Depatmantal Biwo ministè kondisyon fanm ak dwa fanm Latibonit la (MKFDF) Mme Venante Pierre ki te pran lapawòl nan okazyon an salye tout fanm ki soti nan divès komin depatman Latibonit ki jounen jodi a pral resevwa sètifika aptitid yo pandan 10 jou fòmasyon yo pran sou domèn enfòmatik.

Mme Venante Pierre felisite tout staff òganizatè yo kite sakrifye vi yo pou pèmèt medam yo benefisye fòmasyon sa ki daprè li pral mete fanm yo sou Yon Nivo.avokat kwè fòmasyon sa pral rann medam yo otonòm ke ministè a ap chèche a swit a egalite y ap chèche bò kote gason yo.

Pi lwen, li fè konnen pou garanti tout eliminasyon a pwoblèm edikasyon fanm ni pou ogmante chans yo chans medam yo Ekonomikman. Fòmasyon sa pral amelyore pou ede yo devlope konesans yo nan domèn Teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon ki se yon zouti pou avni medam yo nan kominote, paske enfòmatik se yon nesesite ki endispansab pou tout moun.

Reprezantan MKFDF la di l swete wè òganizasyon fanm yo grandi pandan yap kontinye sansiblite pou rann medam yo vin pi pèfòman. Yo reveye Yon Latibonit avèk fanm pwofesyonèl nan tout domèn ak nan tout Nivo pandan l mande ak chak òganizasyon fanm ki pran fòmasyon sa pou pataje sa yo pran yo ak rès manb yo pandan y ap sèvi avèk yo pou modènize yo, paske KNSA, MKFDF ak anbasad Taïwan fyè de yo e yap atnn de yo bon jan rezilta ki baze sou pwojè ak kolaborasyon pou kwape enjistis, diskrinasyon ki anpeche dwa Fann yo respekte nan peyi a.

3 pami 45 benefisyè ki te pran lapawòl nan okazyon an pa t mete dlo nan bouch yo pou felisite ak remèsye responsab yo ki pèmèt yo benefisye 10 jou fòmasyon sa sou domèn enfòmatik. Yo fè konnen jodia se avèk yon santiman satisfaksyon y ap resevwa sètifika yo ki selon yo menm pral pèmèt yo tòp pou afwonte mache travay la san okenn difikilte.

Patisipan sa yo di lòske yo gen yen yon metye nan men yo, sa pral pèmèt yo genyen kapasite pou vin 50/50 ak mesye yo pou kenbe fwaye yo pi djanm. Yo mande ak responsab yo pou ba yo plis fòmasyon yon fason pou ka sispann viktim ekonomikman anba men gason yo.

Divès reprezantan òganizasyon fanm ki te prezan nan kad seremoni remiz sètifika ak patisipan yo voye gwo kout chapo bay prezidan (KNSA) ak tout rès manb yo, MKFDF ak anbasad Taïwan kite panse reyalize fòmasyon sa pou medam yo k ap evolye nan divès òganizasyon fanm yo nan Latibonit. Chèf òganizasyon fanm sa yo mande ak responsab yo pou kontinye chèche plis pwojè pou depatman Latibonit, k ap pèmèt medam yo genyen plis pwofesyon nan men yo pou evite yo sispann sibi tout kalite vyolans nan men gason yo.

Mme Esther Lebreton, yon jij k ap travay nan eta sivil seksyon Sid site endepandans lan, mande medam yo pou yo pa konplekse, yo dwe mete tèt yo ansanm yo pou travay k ap pèmèt yo vin endepandan nan sosyete a, pandan li rete disponib e dispoze pou yo nan kad travay li pou akonpaye yo.

Israël CEDIEU Gonayiv, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841