Fòs Konbit inisyativ Sitwayèn (FOKIS) distribye anviwon 300 pye bwa ki bay fwi samedi 24 jen 2023. Madam Clarthe Larieux ki se vis Kòdonatris òganizasyon an, deklare FOKIS se zanmi lanati k ap batay pou yon anviwonman sen e se pou rezon sa yo pran desizyon sa nan okazyon 24 jen an pou distribye pye bwa sa yo bay yon bon pati nan popilasyon gonayivyèn nan.

Madam Larieux mande ak benefisyè yo pou yo byen pran swen plantil yo.

Jèn kou granmoun ki te benefisye pye bwa sa yo felisite responsab yo di ki panse pou yon reyalizasyon parèy. Popilasyon an nan Gonayiv te swaf yon aktivite parèy.

Benefisyè sa yo fè konnen y ap byen jere pye bwa sa yo ki daprè yo menm pral fasilite yo jwenn fwi pou konsome. Yo swete responsab yo nan Fòs Konbit inisyativ Sitwayèn #FOKIS kontinye avèk inisyativ sa k ap pèmet vil la reprann eskanp figi li nan kesyon rebwazman.

Israël CEDIEU Gonayiv, centre a la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841