Mèkredi 27 septanm 2023 a Vis delege Awondisman Laskawobas la, Jeantès BELFORT, denonse fason Direksyon depatmantal Edikasyon Sant krache sou siveyan egzamen nevyèm yo ak yon chèk tibèkiloz.

Nan deklarasyon li fè nan mikwo jounal Centre à la Une jounen mèkredi a, li de se avèk anpil konstènasyon ak endiyasyon li di li konstate Direksyon Depatmantal Edikasyon Sant imilye tout Pwofesè ki te patisipe nan siveyans egzamen ofisyèl 9èm ane fondamental ane sa a pou distri Savanèt ak yon ti chèk 2.700 goud.

Yon chèk yo dwe ale chanje nan sikisal BNC Bèladè oubyen Ench, pou twa jou travay yo te fè. Alòske kòb moto a sèlman ap prèske pran ti chèk la.

Vis delege a di l ap poze tèt li kesyon èske otorite Edikasyon yo nan depatman Sant pa pran an kont lavi chè a k ap brase bil tout moun nan peyi a, paske pou yon moun Savanèt ale Bèladè pa egzanp, l ap peye frè transpò a 2.700 goud ale-retou.

Vis delege a kontinye pou l di si siveyan yo te gen kran, yo pa t dwe resevwa chèk sa yo nan men enspeksyon distri eskolè Savanèt la, paske direksyon depatmantal edikasyon Sant pa t angaje ak yon kontra ki te di davans men konbyen kòb l ap peye yo.


Nan sans sa a, Vis delege a mande pou responsab edikasyon yo nan depatman re-konsidere fason yo trete siveyan yo, ki pran angajman pou rasire pasasyon egzamen leta yo, sa ki ka yon motivasyon anplis pou pèmèt pasasyon egzamen yo reyisi avèk plis sousi.


Vis delege Belfort fè konnen yon Siveyan ki konnen se ti kraze monnen sa a leta ap peye yo pou founi twa jou an plen ap siveye, èske l ap gen ase enterè pou l ranpli fonksyon li jan sa dwe ye ?


Nap raple, se majorite pèsonèl ki te patisipe nan pasasyon egzamen nevyèm yo ane sa a k ap plenyen pou sa leta ba yo a, puiske lajan transpò y ap depanse a ap pi plis pase chèk yo pral chanje a nan BNC swa Ench oubyen Beladè.

Florince Fragile, Centre à la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841