Se lendi 25 sektanm 2023 a Òganizasyon Kominote Solidaire pou Devlopman Sant (CSDC), ki travay nan domèn Edikasyon, Anviwonman ak lit kont povrete, bay Sherley Jerôme, 19 lane orijinè Depatman Sant, yon chèk senkant mil (50 000) nan kad yon apèl ak fon yo te lanse, nan sousi pou rekonpanse loreya ki soti nan Depatman sant lan.

Madam Marie Ange Nore Pierre ki se 2èm loreya nasyonal pwofesè yo pou ane 2023 a, ki se tou kòdonatè pwojè sila a nan òganizasyon CSDC, fè konnen se avèk anpil jwa yo rive bay Sherley chèk sa a jodi a se vre, men objektif òganizasyon an se te ranmase pou pi piti yon milyon goud pou te fè yon bèl jès ak loreya 9e AF la plis NS-4, men malerezman yo pa t rive jwenn twòp moun patisipe, e se sa ki fè malerezman yo pa rive jwenn mwayen pou ta fè jès ak loreya 9èm AF la tou, pandan li espere ane prochèn y ap reyisi jwenn plis moun pou rekonpanse tou 2 loreya yo.

Madam Marie Ange kontinye pou li remèsye tout moun ki te sipòte pwojè sila, e ki te kanpe ak CSDC pou reyalizasyon pwojè a. Li pwofite di yo li konte sou sipò yo pou 2èm edisyon an pou ane 2024 la. Anplis, li pwofite di tout moun ki entèrese ak lide sa pou lane 2024 la, sitou lekòl Depatman Sant ak sitwayen yo, kapab toujou ekri CSDC sou email li ki se: org.communautesolidaire@gmail.com oubyen kontakte li nan: +509 3935-8123 pou suivi.

Sherley Jerôme ki se loreya Nasyonal Bak Inik la ki resevwa chèk 50 000 goud la nan men CSDC, te remèsye estaf Òganizasyon an ak tout lòt moun ki te kontribye pou li kapab benefisye sa li jwenn jodi a, li di li resevwa ak tout kè l. E li pwomèt li pral fè sa li kapab pou li devlope yon ti aktivite ak li nan fakilte l ap genyen pou li ale, pou pèmèt lòt jèn benefisye, paske pou li se yon bon lide.

Madam Camise Jerôme ki se manman loreyat la, te deklare li vrèman apresye inisyativ CSDC pran pou ankouraje jèn ki merite ankouraje nan depatman Sant lan. Li kontinye pou li di se pa chif la ki enpòtan pou li, men se volonte ak sakrifis li konnen responsab CSDC yo ak kontribitè yo fè pou yo reyisi fè sa yo fè a. Li fini pou li di malgre plizyè entèvyou ki reyalize ak pitit li a paske li loreya a, li byen kontan, men se premye Òganizasyon e sèl ki rive fè yon jès konsa ak yo, , jès li vrèman apresye e li swete pou yo kenbe pwojè sila chak ane pou lòt jèn ka benefisye.

Pi lwen, responsab CSDC yo te pataje lis kontribitè yo ak montan chak moun te bay ki repati konsa: Nedgine PAUL DEROLY 13 600 goud, Kenold CHRISPIN 8 000 goud, Marie André Ruth THELUS 5 000 goud, Annuel GEORGES 5 000 goud, Jean Tholèt GALPHET 2 000 goud epi òganizasyon an te ajoute 16 400 goud pou fè chif la rive 50 000 goud pou bay loreyat la.

N ap raple, kominote Solidè pou Devlopman Sant (CSDC) te lanse apèl ak yon « FON EKSELANS pou te mande lekòl ak sitwayen ki genyen bon volonte pou te kontribye ak senk mil (5 000) goud pou te bay yon chèk enpòtan ak loreya egzamen ofisyèl yo pou fè ti biznis pou kontinye etid yo ki te pran fen 15 Sektanm 2023 a.

Finalman, tout estaf jounal «Centre à la UNE» nan wete chapo l byen ba douvan volonte, detèminasyon ak entèlijans Madam Marie Ange-Nore PIERRE, CSDC ak tout sitwayen oubyen òganizasyon ki rann lide sa a tounen yon reyalite. Menm jan lòt yo di l la, «Si la vie est un trésor, l’Éducation en est la clef», «L’Éducation est l’arme la plus puissante qu’on puisse utiliser pour changer le monde», «L’ouvrier qui travaille mérite son salaire», nou kwè chèk 50 000 goud sa a pa sèlman gen yon valè ekonomik, men li valorize grandyozman bèl valè sa a ki se Sherlie Gérôme.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841