Pou lane akademik 2023-2024 la, majorite fakilte Leta yo pa gen ase Etidyan enskri pou konkou pasaj yo

Nan yon tablo nòt biwo k ap anrejistre postilan pou fakilte Leta yo mete deyò semèn sa a (septanm 2023), Genyen 3179 postilan ki enskri pou patisipe nan konkou antre nan inivèsite Leta a. Pami yo gen 1655 fanm swa 52% ak 1524 gason swa 48%.

Selon biwo rejistrè a, pousantaj elèv Ns4 yo ki rive enskri nan inivèsite Leta a se 0,09% ; Kanpous Anri Kristòf Limonad(CHCL) ak Fakilte Medsin al Famasi(FMP) 0,02% epi 0,01% pou Fakilte Agronomi Medsin Veterinè(FAMV) ak FDSG-CAP. N ap raple, Ekòl Nòmal Siperyè (ENS) 130 enskri y ap pran 30 pou chak depatman sa yo: Syans Natirèl-chimi; Istwa ak Jewografi; Matemak; Fizik; Lèt modèn- Filozofi. FDSE 178 enskri y ap pran 150 pou depatman ekonomik lan ak 150 pou depatman dwa ak jiridik la. FDS, 137 Enskri y ap pran 150 pou Jeni sivil ak 30 pou topografi ak anviwon 30 pou jeni elektwomekanik…

Èske sa ta vle di tout bon Inivèsite Leta Ayisyen an sou lis enstitisyon k ap disparèt nan sosyete a, Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik (FDSE), 178 postilan enskri kote fakilte a bezwen 150 admi pou depatman ekonomik lan ak 150 pou depatman dwa a.

Donk, daprè dènye rezilta egzamen Bak Inik 2022-2023 yo kote:
1- Depatman Sant bay 4089 elèv reyisi swa 58%;
2- Depatman Nip bay 1749 elèv reyisi swa 49%;
3- Depatman Sidès bay 2012 elèv reyisi swa 47%;
4- Depatman Nòdwès bay 2927 elèv reyisi swa 45% ;
5- Depatman Nòdès bay 1800 elèv reyisi swa 40%;
6- Depatman Sid bay 2445 elèv reyisi swa 40%;
7- Depatman Grandans bay 1400 elèv reyisi swa 38%;
8- Depatman Lwès bay 14098 elèv reyisi swa 32%;
9- Depatman Nò bay 3652 elèv reyisi swa 31%;
10- Depatman Atibonit bay 3182 elèv reyisit swa 28%.

Pami 37.354 elèv ki sot reyisi egzamen bak inik 2022-2023 a se sèlman 3179 ki rive postile pou entegre fakilte Leta a. Eske rezilta sa yo ta vledi sistèm edikatif Ayisyen an sou wout pou l disparèt oubyen se ta afektasyon gwoup gang yo nan è metwopolitèn pòtoprens nan ki ta lakòz oubyen tou eske se pa paske Leta pa finanse rechèch nan peyi a ki ta lakòz?

Washington FLORVIL, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841