Lendi 2 oktòb 2023 a, Konsèy Sekirite Nasyonzini an otorize deplwaman « yon fòs ame miltinasyonal » an Ayiti, aprè vòt yo fin fèt.

Pou anpil moun, se sa se yon efemis ki tou senpleman chache kache okipasyon ilegal ak vyolasyon dwa a otodetèminasyon pèp Ayisyen an, epi chèche prezante entèvansyonis etranje kòm « èd diplomatik ».

Kòm si souverènte yon pèp se yon kesyon de vòt. Nasyonzini pase sou dwa pèp Ayisyen an pou yon lòt fwa.  Soti nan Mouvman ALBA, nou rejte avèk fòs nouvo tantativ entèvansyonis Etazini, Kenya, ak lòt peyi ki te dirije yo ki pran san wont dwa pou deside sou yon pèp k ap mande, depi plizyè dizèn ane, respè pou teritwa li ak desizyon souveren li yo.

Pou yon Ayiti diy, souveren e san okipasyon !

Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841