Ann Ayiti, depi kèk tan, lanmò tounen yon pratik pou fè wè, pou moutre ki grandè familyal chak moun genyen, pandan pi souvan moun nan konn charye ak lamizè nan vivan li

Nan Komin Tomond ki twouve l nan Wo Plato Santral peyi Ayiti, gwo deblozay pete semèn sa a nan fanmi Patoutou alyas Konamo, yon bòs Telefòn ki mouri. Tonton li ki se Tidjo, te antere li san mete li nan Mòg, san fè vèy, sa soulève kòlè yon lòt pati nan fanmi an.

Nan yon ti tan, yon lòt gwoup fanmi al detere mò a pou mete li nan Mòg. Yo boule sèkèy li te ye devan popilasyon an epi di yon anpil pwopo banalizasyon kont tonton Tidjo a.

Pou anpil Ayisyen nan milye riral yo, lanmò yon manm fanmi lye ak yon ansanm kòz ki kapab pa yon lanmò natirèl. Fenomèn zonbifikasyon, vann moun nan fè l tounen zonbi; fè lwa bitasyon kase koul nan espedisyon; Tann poud elatriye. Ideyoloji sa tèlman blayi nan tout lokalite yo, se tankou lanmò natirèl la pa egziste.

Menmsi yon manm fanmi ta mouri aksidantèlman, youn nan fanmi an pral rele mò a nan govi/badji swa menm jou a swa 7 ou 9 jou aprè pou konnen ki koz lanmò li. Se yon ideyoloji ki pa diferan de sa sosyete entèlektyèl la ta kapab rele antwopososyolojik la.

Pou fanmi yo, lanmò yon manm charye dèyè l bèl defile fanfa, seremoni omaj. Mete konsève nan mòg; fè tonèl resepsyon pou moun k ap vin jwe domino chak jou pou jiskaske nevyèm jou aprè antèman an; veye pandan tout lannwit ak resepsyon pou jou antèman an; konba ki li menm se resepsyon nan dènye jou vizit konsolasyon an ki tou dènye jou tonèl la.

Pou anpil moun, se fanmi ki pi ba nivo nan sosyete a ki pa konsève mò nan mòg menmsi tout ekstrèman mò a te la pou antere l jou moun nan mouri a. Pou manm popilasyon an yo menm, k ap vin pote fanmi an kanpay nan vèy yo fè nan la sware anvan antèman an mizik anime, ki pou fè moun danse jis pou kreye anbyans pou pase sware a.

Fanmi mò a selon yo menm, dwe prepare divès kalte bagay lamanjay pou moun yo pase nuit lan tankou<< Te, Chokola, Bwason Gazez/ alkolize, Sirèt elatriye) n ap note, depi bon kèk tan fas ak evolisyon, vèy la vle pèdi vrè sans li. Otrefwa, lè yon moun gen lanmò, popilasyon an te jis vin pote l kanpay nan vèy mò a, ede fanmi an nan netwayaj nan finans, ki nètman kontrè jodi a.

Gen slogan jodi a ki menm di << si w pa ka fè lanmò pa fè l>>. Lòske yon moun pa ta satisfè nan sa mèt mò a ap ba li pou pase nan bouch li.

Pou yon lòt branch nan Lasosyete a, tankou Jacques Adler Jean- Pierre, vèy la se yon espas ekonomik, kote anpil machann vin enstale tout kalte pwodui nan tip: Bwason; fritay; Bak sirèt; Griyo; alkòl; tabak; tisonèt ak Lawoulèt elatriye.

Vèy se yon fenomèn ki Trennen anpil jèn fanm, jèn gason ak granmoun dèyèl nan sosyete Ayisyèn nan pou anpil jèn veye gen ti non jwèt li pwogram. Selon pèsepsyon anpil fanmi Ayisyèn, sitou nan milye riral yo. Lanmò ta yon bagay vantadiz, pou moutre ki kantite Lajan yon fanmi posede, ki fè e defè chak manm fanmi ka fè.

Mò tèlman gen yon enpòtans kapital pou chak fanmi Ayisyèn sitou pou sila ki soti nan gran bitasyon ki charye dèyè l gwo bitasyon ak lakou mistik. Pou yo kèlkeswa kote yon manm fanmi ta mouri an fòk se nan bitasyon l li vin antere pou yo ka pote yon bon atansyon sou mò a nan netwayaj tonm, chante mès ak fèl tounen lwa pou sèvi Govi. Ki enpòtan selon kèk ougan anpeche malfektè leve zonbi sa.

An Ayiti, si lanmò ta yon pèt imèn ak finansyè pou kèk moun, men pou kèk lòt, li sèvi pou moutre ki kantite byen ak lajan fanmi an posede, ki petèt pa gen menm sans lan nan sosyete etranje yo.

Washington Florvil, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841