Jodi a, mwen pap salye okenn fanm, okenn sè, okenn zanmi, okenn kòlèg.

Mwen p ap di ak okenn sefanm «pase yon bon fèt».

Jodi a nou p ap fete anyen, nap komemore fèt ke 129 fanm mouri nan dife Cotton Mill apre yo fin fè grèv epi rete nan travay la.

Si sèlman nou tout te konprann ke bonè nou pral egziste nan jou nou pa bezwen di ke nou retounen lakay nou, ke nou te rive an sekirite, ke pèsonn pa touye nou.

Fèt se jou nou tout ka ale kote nou vle , nou tout nan kache, kote nou pa ka lib, kote lavi nou pa respekte.

Fèt fanm poutan se sou pil fatra m al jwenn manman m, ti sèm nan , matant mwen e kouzin mwen kouche blayi atè ke chen ak kochon kòmanse manje, aprè yo finn kidnape yo e vyole yo .

Ala bon sa bon jou pou tout fanm ki ale nan kondisyon nou konnen yo ta jwenn jistis, pou mank swen sante , bal mawon , kidnapin pèsekisyon politik. An nou gentan bliye ; Netty , Nancy , Evelyne sincère, Jinou Mondesir e milye lòt ankò….

Ala bon sa bon jou nèg fin fè mil sèn jalouzi e li maltrete w, epi 14 fevriye li ba w yon kat pou «Vyolantin».

Ala bon sa bon jou a pou tout fanm ki ap sipòte pouvwa kriminèl gang defakto Ariel Henry ta panse ak 8 MAS la .

Pase yon bon jounen, pa bliye nou se yon dife ke pèsonn pa gen dwa etenn. Goumen pou dwa fanm respekte e pou limyè jayi e nou pa dwe pè okenn sendenden.

Se sa mwen swete pou nou.

Otè: Enkoni

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841