Bilan pasyèl yo prezante (2) prizonye mouri sou plas anba bal ajan penitansye yo, (7) lòt blese grav ak (3) polisye soti blese nan kad tantativ prizonye yo pou te evade nan prizon Ench lan byen bonè dimanch 28 Avril 2024 la.

Komisè gouvènman jiridiksyon Ench lan Marlène Abraham akonpaye sibtiti Winslor Nèlson ak Jij depè Jan Marie Toutanva ki te ale konstate sak rive andedan prizon an, deklare gen diferan materyèl yo jwenn ak te mwayaj kèk lòt detni, kipwouve se te yon aksyon planifye. Alòske Anpil nan prizonye nan prizon Ench lan gen plizyè mwa san pase devan jij.

Aksyon sa rive tou ( 2) jou aprè ajan DAP yo pa deside resevwa manje pou prizonye yo nan kad mouvman grèv yo lanse pou mande bon jan tretman.

Nap raple 3 polisye blese yo lopital, epi lamèri Ench depoze kadav 2 prizonye yo nan Mòg lopital la pou swit nesesè.

Jacquelin Napoléon, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841