Nan yon rankont ki te reyalize madi pase ant Premye Minis Garry Conille ak manb konsèy prezidansyèl la sou fòmasyon gouvènman tranzisyon an, yo te echanje sou rediksyon ministè yo ki te 18 probableman ki ka pase ant 12 ak 14.

Selon enfòmasyon ki disponib yo PM nan propoze pou ministè yo ta redui an 12 malgre diskisyon yo programe pou kontinye jedi 6 Jen 2024 la. Li ta dwe repati konsa:

1- Ministè jistis ak sekirite piblik.
2- Ministè enteryè ak kolektivite tèritoryal.
3-Ministè defans
4- Ministè planifikasyon ak koperasyon ekstèn.
5-Ministè sante piblik ak popilasyon.
6- Ministè travo piblik transpò ak kominikasyon.
7-Ministè ekonomik ak finans ap fè youn ak ministè komès ak endistri.
8-Ministè zafè etranjè ak kilt ap fè youn ak ministè Ayisyen ki ap viv nan peyi etranje.
9-Ministè kilti ak kominikasyon ap fè youn ak touris.
10-Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon profesyonèl ap fè youn ak ministè jenès espò ak aksyon sivik.
11MInistè anviwonman ap fè youn ak ministè agrikilti, resous natirèl ak devlopman riral.
12-Ministè zafè sosyal ak travay ap fè youn ak ministè fanm ak dwa fanm.

Èske fizyonman kèk ministè enpòtan ou pa nan tranzisyon an?

Anpil moun nan sosyete a ki ap reflechi fè konnen nan yon peyi tankou Ayiti ki chaje problèm ta dwe genyen plis ke 18 Ministè ki konsistan ki ap travay tout bon vre pou devlopman peyi a sepandan yon peyi ki devaste ekonomikman epi kote li ap fonksyone ak yon bidjè ki tèlman mèg pa ta dwe genyen tout ministè sa yo lè nou konsidere pifò ladan se moun ki ap fè kòb ladan yo san okenn mwayen finansye pou bay rezilta.

Genyen yon lòt kategori moun ki rete kwè refleksyon ak travay estaf PM Garry Conille fè a teknikman prèske kòrèk. Sepandan anviwonman an akoz itilite li pou yon peyi tropikal tankou Ayiti ki ap fè fas ak problèm rechofman klimatik yo plis lajan entènasyonal la mobilize pou bay repons ak problèm sa yo ta dwe fè staf primati a repanse fizyon li vle fè a. Premye Minis Garry Conille ki sanble montre li tèlman konsyan de sa si se pa yon konyensidans itil mete Anvironman avan e se yon plis agrikilti ap ye ladan l. Sa ki te ka fè moun konprann se ministè Agrikilti ki ap tonbe andan van anviwonman.

Agrikilti ak anviwonman tèlman enpòtan pou Ayiti ki se de gwo moso, èske li pa ta pi bon pou yo toujou separe youn de lòt pandan yo ta kapab regade lwa kad yo jis pou ba yo plis fòs epi degaje lajan nan bidjè a pou yo, ansuit mete moun ki kabab pou yo ka reyisi itil peyi a pi byen.?

Menm jan an tou pou lanmou Ayisyen genyen pou espò ak lajan li bay nan mond la mete sou potansyalite jèn nou yo genyen ladanl anplis majorite popilasyon ayisyèn nan se jèn, èske ministè jenès espò ak aksyon sivik pa ta dwe toujou rete pou kont li ak sèl diferans ranfòse li pou li ka aji tout bon vre pou devlopman jèn nou yo nan espò ki genyen yon gwo pòte ekonomik nan mond la.

Nan negosiyasyon yo ayè madi a primati te antann li pou li voye yon lis 3 non moun pou chak ministè sa yo nou pral site laa epi konsèy prezidansyè l la ap chwazi youn. Ministè Premye Minis Garry Conille anvizaje yo se : Ministè enteryè, finans, planifikasyon, jistis ak zafè etranjè. Pou rès ministè yo se manb konsèy prezidansyèl nan tèt kole ak sektè yo ki ap voye 2 non bay premye minis Conille pou li chwazi youn.

Se vre si peyi Ayiti ta rive soti de 18 ministè ak 14 li t ap trè bon paske genyen ministè ki la men pa vrèman ko genyen lajan pou yo ta travay nan chan yo kòrèkteman men genyen yon ti problèm politikman initil ki ka frajilize akò ki genyen ant sektè ak aktè politik yo ki nan tranzisyon an si yo pa rive fè yon depasman pou wè peyi avan tou akoz divès ladan yo te gentan negosye ki ministè y ap pran kontwòl li.

Gran moun yo toujou di pa genyen omelèt san kase ze. Nan eta peyi a ye a fòk gen apse ki pete.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841