Mouvman Laskawobas Devan (MLD) ki se yon estrikti ki regwoupe anviwon 5 lòt gwoup nan sosyete sivil komin Laskawobas la, rankontre wikenn sa a Delege Depatmantal Sant lan, M. Coriolan BURDRY, pou chita pale sou pwoblèm mache kominal la ak divès lòt pwen enpòtan tankou depa san kondisyon 3 ajan enterimè ki nan tèt meri a, malgre gen prezidan konsèy la ki anbandone pòs li depi prèske 2 lane, selon sa youn nan inisyatè mouvman an pataje ak Centre à la UNE.

Rankont sa te fèt anba envitasyon Delege BUDRY, nan objektif pou l te rive mye sezi tout anje ki gen nan kriz sosyopolitik komin Laskawobas ap fè fas la sa fè twòp tan, epi rive sènen pozisyon ak griyèf diferan gwoup sa yo nan sosyete sivil la atravè « Mouvman Laskawobas Devan. »

Pwotestatè yo prezante 4 rezon majè ki pouse yo mande revokasyon osnon demisyon imedya 3 ajan enterimè yo: Junior PIERRE, Fedner JOSEPH ak Rodelie Cariétanne BALDÉ prezidan konsèy la, ki li menm gen prèske 2 lane depi li kite komin nan, toujou selon sa youn nan inisyatè mouvman an di nou:

1. Lè nou konsidere prezidan konsèy ajan enterimè ki fè ofis komin nan abandone Laskawobas depi prèske 2 lane, sa ki make kadisite konsèy la.

  1. Lè nou konsidere diferan mega manifestasyon popilasyon Laskawobas la fè pou di yo rejte ajan enterimè kadik sa yo.
  2. Lè nou konsidere non ajan sa yo site nan eskandal koripsyon tè pou konstwi mache modèn Laskawobas la.
  3. Lè nou konsidere konsèy la pèdi tout kredi popilasyon an aprè tout betiz manm yo koze nan jesyon komin nan.

Mouvman Laskawobas Devan mande demisyon katèl enterimè a imedyatman epi ranplase li pa 3 sitwayen onèt epi konpetan. Nou p ap bay tèt nou manti, kriz la p ap ka rezoud avèk menm moun sa yo ki kreye l, ki pa gen kapasite, ni volonte, ankò mwens enterè pou rezoud li.

Aprè diskisyon yo, Delege BURDRY te pwomèt MLD li ap fè yon rapò sou vizit li nan komin nan, epi mande otorite santral yo pou klase Laskawobas an priyorite nan kad tretman dosye kolektivite yo.

MLD te remèt Delege Budry a yon dokiman ki fè radyografi kriz komin Laskawobas la. Dokiman sa genyen tou ansanm griyèv ak rekòmandasyon popilasyon an ki di yo p ap soti nan byen mal pou tonbe nan pèd pawòl.

Mouvman Laskawobas Devan anonse li voye yon pinga bay tout moun/gwoup moun ki swete depoze 3 moun nan Meri a sou baz se moun pa yo. Gwoup la fè konnen fwa sa a MICT p ap retire pay pou mete pay. Yo di yo
p ap pran nan dirijan pèpè ankò, konsa fòk se moun ki kapab, ki serye epi ki jwenn benediksyon popilasyon an ki pou rive nan direksyon politik komin nan.

Pandan yo kritike konpòtman Vis Delege Laskawobas la, M. Jeantès BELFORT, ki deside chita ak lameri sèlman san reprezantan popilasyon an, kritik mesye BELFORT voye jete puiske, selon sa li di nou, siperyè yerachik li pa t òdone li chita ak popilasyon an, MLD anonse yo renouvle volonte yo genyen pou kontinye batay pou defann koz kominote a anba pawòl sakre sa a: Laskawobas avant tout lòt bagay.

N ap note, diferan gwoup ki fòme Mouvman Laskawobas Devan an se: Lig Spòtif, Inite Pilotaj Sosyete Sivil, Fòtifyan, Tribinal Spòtif Laskawobas ak COFI ki gen yon ansanm reprezantan: Jefferson DESIR, Pierre Ronald HONORÉ, Gaétan LINDOR, Peterson REVOST, Sem LAPAIX, Jean Anderson BREVIL, Wadel BLANCHARD, Sem LAPAIX…

Pwoblèm konstriksyon mache modèn komin Laskawobas la remonte jiska lane 2018, lè fanmi CADICHON te bay yon kantite tè pou mache a konstwi, non sèlman mache a pa fèt, men anpil nan tè a vann anba konplisite lameri, selon sa youn nan inisyatè mouvman an di nou.

Sitiyasyon sa a ta pral pouse yon komisyon moute nan komin Laskawobas nan dat 20 janvye 2023, pou ale ankete sou rezon ki lakòz mache a pa t rive konstwi. Men lis sitwayen ki te fòme komisyon an: Gaëtan LINDOR, Yvon PIERRE, Jean Roland BIEN-AIMÉ, Rigaud DERISIER, Pierre Roland HONORÉ, Manel CASTEL ak Sem LAPAIX.

N ap note, sitiyasyon sa a pa diferan nan komin Sodo, kote popilasyon an fèmen meri a depi 8 jen 2024, pou egzije depa 2 ajan enterimè (Marie André Ruth THÉLUS/Claude FREJUS), paske: Konsèy la kadik, gen divès ka koripsyon grav nan meri a, majistra Ruth abandone pòs li depi 8 mwa, li di 80% moun Sodo ta gang, an plis de imaj fòs espesyalize yo (PNH) ki nan Sodo li sal sou plizyè radyo ak sou rezo sosyal.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841