Jerry Tardieu, Clarens Renois, Claude Joseph, Andre Michel ,Pascal Adrien, Maryse Narcisse, Joël Vorbe, Moise Jean Charles ,Magalie Comeau. Se reprezantan 9 sektè sa yo Antony Blinkin rankontre 5 Septanm nan aprè otorite tranzisyon yo. Yo echanje sou kriz Ayiti a epi gade pèspektiv avni.

« Etazini bò kote Ayiti. M obsève gen lespwa, sitou nan enfrastrikti enpòtan gang yo te kontwole, ki kòmanse reprann, pa egzanp ayewopò Tousen Louvèti ak Lopital Jeneral. » Se nan konferans pou laprès chèf diplomasi amerikèn nan Antony Blinken bay 5 Septanm 2024 la nan kad vizit li ann Ayiti.

Sekretè Deta ameriken an Antony Blinken, anonse yon nouvèl èd imanitè 45 milyon dola ak peyi Dayiti, pandan vizit li nan peyi a, jodi jedi 5 septanm 2024 la.

Aprè rankont li ak otorite tranzisyon an, li te vizite baz fòs miltinasyonal soutyen apui ak Sekirite a.

Selon prezidan Edgard Leblanc sekretè Deta ameriken Antony Blinken pa mande ekate 3 konseye prezidan ki enplike nan eskandal koripsyon BNC a.
Deba yo te apiye sou sekirite ak eleksyon.
Blinken ap antre Sendomeng pou rankontre Abinaner vandredi 6 septanm nan.

Antony Blinken mande renouvle manda fòs miltinasyonal la nan peyi Dayiti. « Nan sitiyasyon malouk sa, nou bezwen plis finansman,plis pèsonèl pou kore misyon an ».
Se sa l deklare pandan l te vizite baz fòs la ayè jedi 5 septanm lan. Manda misyon an ap ekspire 2 oktòb 2024

Aprè seri vizit ak rankont li yo sekretè deta Blinkin konkli genyen gwo avanse ki ap fèt ak ekip gouvènman an plas la pou mennen Ayiti nan wout stabilite, lapè ak eleksyon demokratik.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841