Depatman Deta Ameriken sanksyone mèkredi 25 sept nan ansyen depite Prophane Victor, paske li fòme, sipòte ak ame gang ann Ayiti. Li sanksyon tou aktyèl lidè gang Gran Grif la, Luckson Elan, pou patisipasyon li nan vyolasyon dwa moun avèk aktivite gang nan depatman Latibonit ann Ayiti.

Ansyen depite, chèf pati politik, ki te gen kontwòl depatman latibonit la nan ki t ap alimante ak finanse gang nan depatman sanksyone jodi a pa depateman trezò ameriken.

Prophane Victor sanksyone pou wòl li jwe nan fòmasyon ak finanse gang baz gran grif la, Victor Prophane aktyèl chèf pati politik boukliye a se youn nan politisyen ayisyen ki rich e ki pwisan tou paske li gen kontwòl pò maritim kapital peyi a.

Etazini sanksyone tou Luckson Elan, chèf baz gran grif la pou enplikasyon li nan vyolasyon dwa moun. Sòti 2016 a 2020 Victor Prophane finanse materyèlman baz gran grif, li fè trafik Zam pou baz la, li finanse baz ki te anfas baz gran grif yo tou yo kapab kontinye mete latroublay nan depatman latibonit la .

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841