Daprè yon rapò Nasyonzini pibliye kòmansman Wikenn pase a, nivo vyolans yo rive nan yon nivo san parèy an Ayiti, kote gang yo ap fè e de fè nan peyi a.

Volker Türk ki se komisè Nazyonzini dwa moun nan rapò sa denonse nivo vyolans lan nan peyi a li deklare « Pèsòn moun pa dwe pèdi lavi yo akoz kriminalite fou sa ».

Volker Türk ajoute « vyolans yo rive nan yon nivo nou pa janm wè depi 2023 ».

Selon rapò a, viktim kadejak yo ap ogmante pa pil pa pakèt nan peyi a depi mwa janvye 2024 la. Gang yo itilize vyolans seksyèl pou simaye la perèz epi domine popilasyon an.

Nap raple vyolans gang fòse plis pase 600 mil moun kouri kite lakay yo, pou al abrite nan lòt zòn oubyen nan kan.

Anplis de sa, rapò Nasyonzini an souliye gen pou pi piti 860 moun ki mouri, 393 blese, pami yo 36 timoun, nan operasyon lapolis mennen nan Pòtoprens.

Nasyonzini pwofite mande Polis Nasyonal Ayiti a pou evite fè eksè pou ka prezève lavi moun

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841