Eleksyon prezidansyèl yo Ozetazini pou ane sa a se nan 4 jou ankò, swa madi 5 novanm 2024 k ap vini an, kote anviwon « 240 milyon » sitwayen Ameriken yo pral vote swa pou pati Demokrat la atravè vis prezidan Kamala Harris, oubyen pou pati Repibliken an ansyen prezidan Donald Trump reprezante.
Depi aprè anons kandidati ansyen prezidan Ameriken an Donald Trump ki vize atenn « mezon blanch » pou yon 2èm fwa, Ayisyen ki twouve yo nan divès peyi men sitou k ap viv Ozetazini, te kòmanse lanse diferan deba epi kesyone sou politik migratwa ak politik etranjè Donald Trump.
Refleksyon sa yo ta pral tounen yon sijè deba kotidyen apati 24 jiyè 2024 lè mouche Trump ta pral deklare ouvètman depi li ta eli pou yon 2èm fwa, l ap « depòte » plis pase 800 000 Ayisyen k ap viv ilegalman Ozetazini, sitou Ayisyen ki antre nan peyi a nan kad pwogram « Humanitarian Parole » la yo bay ti non jwèt Pwogram Biden. L ap bloke pwogram CBP-One ak TPS la…
Sitiyasyon sa yo ta pral pouse jounalis Nancy Roc, nan dat 31 jiyè 2024, deklare e nou ap site: « Aprè pèfòmans dezastrez Donald Trump nan Konvansyon Jounalis Nwa yo, si moun nwa ki Ozetazini, sitou Ayisyen yo ta vote Trump, mwen vrèman panse swa yo mazochis (renmen soufrans ak imilyasyon) oswa yo fou nèt! »
Kamala Harris ak Donald Trump nan kanpay an 2024
Selon sa jounal Miami Herald pibliye 31 oktòb 2024 la, 5 jou avan eleksyon an, prezidan Trump di depi li eli, l ap depòte plis pase 1 milyon sitwayen k ap viv ilegal nan Eta Florid Ozetazini, yon desizyon òganizasyon dwa moun « American Immigration Council » konstete, puiske depòtasyon yo ak lakòz Etazini pèdi pou pi piti 315 milya dola.
Etandone se administrasyon Biden nan ki vini ak pwogram Humanitarian Parole la, sa pral pouse anpil Ayisyen atravè tout mond lan devlope, soudènman, yon kantite lanmou pou Demokrat yo. Sitwayen Ayisyen sa yo rete konvenki si se Kamala Harris ki eli, Ayiti ap kapab gen anpil espwa bò kote gouvènman Demokrat la ki te ofri yo, nan mwa janvye 2023, yon pwogram « imanitè » ki pèmèt yo antre legalman Ozetazini pou 2 lane, epi ki ofri yon bon pati ladan yo TPS.
Yon lòt bò, anpil Ayisyen kwè kontrèman ak Demokrat yo, si Repibliken yo pran pouvwa a, se vre yo ka voye kèk Ayisyen tounen Ayiti, men l ap mye pou Ayiti. Se ka yon sitwayen Fred, yon Ayisyano-ameriken, ki fè deklarasyon sa yo 29 oktòb 2024 la: «Mwen kanpe nan kan Trump/Vance, se paske l ap bon pou Etazini. Si nou vote Kamala, konnen nou pa renmen Ayiti.»
Finalman, divès Ayisyen rete kwè ni Demokrat, ni Repibliken p ap janm regle anyen serye pou AYITI, paske se richès Etazini ap kontinye kreye sou do imigran yo. Moun sa yo kwè li rete ak Ayisyen ki pou degaje yo chanje sitiyasyon peyi a pou pèmèt tout aktivite reprann nòmalman, konsa yo p ap bezwen mete lespwa yo sou okenn lòt peyi. Se ka divès sitwayen Ayisyen ki t ap pale ak RFI maten vandredi 1e novanm 2024 la.
Kesyon anpil moun poze pou konkli deba sa yo: depi dat Demokrat ak Repibliken ap pase sou pouvwa a Ozetazini, kisa « konkrètman » youn nan pati sa yo regle pou Ayiti osnon yon lòt peyi an tèm devlopman dirab kòm peyi zanmi oubyen alye yo ?
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE