Nan kad efò k ap fèt pou modènize Fòs Lame d’Ayiti yo (FAd’H) ak ranfòse koperasyon rejyonal yo nan domèn sekirite, yon delegasyon ayisyen Konseye Prezidan Smith Augustin ap dirije, akonpaye ak Misyon Pèmanan Ayiti nan OEA, te chita pale ak Konsèy Egzekitif jent Defense Intè-Amerikèn nan jounen lendi 14 avril 2025 la nan Washington.

Men pwen esansyèl reyinyon an:

  1. Remèsiman ak JID pou sipò istorik li, sitou pandan preparasyon Liv Blan sou Sekirite ak Defans Nasyonal la (2014-2015), yon dokiman estratejik ki se yon bousòl pou devlopman enstitisyon militè peyi a, ki pral mete ajou e ranfòse parapò ak defi sekirite aktyèl yo, epi swiv eleman dokiman kad yo te diskite pandan reyinyon an.
  2. Prezantasyon vizyon gouvènman ayisyen an: bati yon lame repibliken ki modèn, ki enklizif, ki respekte dwa moun, e ki angaje pwofondman nan sèvi popilasyon an.
  3. Fòmasyon ak kapasite pou fè respekte lalwa: Gouvènman Ayisyen an eksprime volonte li genyen pou li fòme 20,000 sòlda pandan 4 lane, ak modil espesyalize nan jesyon kriz, entèvansyon ame kont ensije, sibèsekirite, kont teworis, ak operasyon sekou pou katastwòf natirèl. Nan kad ranfòsman sa a, delegasyon an te mande asistans nan mete kanpe yon akademi militè ki dedye a fòmasyon ofisye yo, ansanm ak kreyasyon estrikti lokal fòmasyon pou sòlda yo nan lòd yo fasilite devlopman otonòm ak dirab nan resous imèn nan FAD’H a ak yon repons estratejik adapte ak defi sekirite aktyèl yo.
  4. Relansman koperasyon rejyonal: Eksprime dezi pou ranfòse lyen koperasyon ak IADB, Kolèj Defans Entè-Ameriken (IADC) ak Sekretarya pou Sekirite Miltidimansyonè (SSM) OEA, nan lide pou fè echanj ekspètiz, pataje enfòmasyon, ak ranfòse kapasite teknik ak syantifik FAD’H. Misyon estratejik sa a montre angajman fèm Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la pou retabli sekirite dirab ann Ayiti lè l bay enstitisyon repibliken yo resous imen ak materyèl modèn pou fè fas ak defi 21èm syèk la.

Se sa biwo Kominikasyon Prezidans Prezidans lan pibliye nan kad yon kominike pou laprès.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841