Gouvènman Ayisyen an adopte, an ijans, lendi 14 avril 2025 lan yon bidjè lagè nan objektif pou reponn ak sitiyasyon sekiritè e sosyal peyi Ayiti ap travèse depi yon bon bout tan selon yon kominike yo mete deyò. Gouvènman an rive adopte bidjè rektifikatif sa a pou egzèsis 2024-2025 la ki nan yon otè 323 milya goud.
Nan bidjè sila, sou 36 milya goud ki destine pou pwojè envestisman, yon repatisyon estratejik fèt konsa:
37% nan anvlòp sa a prale nan ranfòsman fòs lod yo, tankou: PNH, FAd’H, sèvis ransèyman ak ekipman espesyalize, yon fason pou kapab restore sekirite piblik ak konbat gwoup ame yo ki menase estabilite nasyonal la.
17.24% nan bidjè a konsakre nan pwojè amenajman ak sekirite sou liy fwontyè a, yon fason pou rive gen kontwòl tèritwa a e jere kesyon evolisyon migratwa a.
17.43% nan bidjè sila destine pou pwogram sosyal priyoritè yo espesyalman nan domèn edikasyon, sante, asistans imanitè ak soutyen pou moun ki pi pòv yo.
Selon konsèy prezidansyèl tranzisyon an, bidjè sa a tradui volonte solid Leta genyen pou l aji tout bon nan zafè sekiritè, Imanitè ak enstitisyonèl. Yo di se tou yon etap enpòtan nan angajman KPT a pran pou rétabli sekirite, relanse sèvis piblik yo ak prepare pwosesis elektoral.
Pou fini, KPT a mande Inite nasyonal, Solidarite ak angajman tout sektè pou pèmèt nouvèl faz redresman saa reyisi.
Fragile Florence, Centre à la UNE