Ribrik: Kritik sosyal
Chak jenerasyon toujou vini ak mòd fonksyonman pa yo . E se sa ki fè sosyete yo bouje. Mitasyon an vin kreye yon fòm anplis nan evolisyon moun yo. Sa ki te alamòd nan yon epòk ka vin pase mòd nan yon lòt epòk, men sa pa anpeche gen kèk valè ki toujou rete travèse tout jenerasyon.
Sòti nan yon epòk soumisyon, respè ak valorizasyon familyal pou n tonbe nan yon lòt epòk néglijans ak foli san fondman, nouvèl jenerasyon sa a pote pou nou anpil bagay ki fè nou prèske pèdi tout valè moral ki te kenbe moun nan yon pwofon relijyozite.
Si nan tan pase yo fanmi yo te jwe yon wòl enpòtan nan chwa zanmi ak frekantasyon jèn yo, tan jodi a se diferan. Nou rankontre nan dènye ane sa yo, yon fenomèn ki prèske ranplase paran nan vi jèn yo; se fenomèn BESTI a. E, fenomèn sa a pa piti, li gen anpil desizyon ak enpak sou vi endividi ki antre nan sèk sa a.
Tèm BESTI a antre nan lavi jèn yo kòm yon zanmitay solid. Yon konfyans san limit, yon relasyon kote 2 moun yo pataje tout bagay san distenksyon. Yon BESTI se tankou yon pitit anplis paran w genyen, se yon frè oubyen yon lòt sè w genyen.
Yon moun ki BESTI yo lòt, se yon moun ki konn tout ti detay sou ou. Se yon moun ki jwe gwo wòl nan desizyon w ap pran. BESTI w gen dènye mo sou chwa w ap fè, sou Etid ou, sou moun pou w zanmi, sou konpòtman w dwe afiche anvè paran w, fanmi w, mennaj ou, travay ou …
BESTI w ka pran desizyon pou ou. Si BESTI w di w pa ale yon kote, pa fè tèl bagay ou sipoze obeyi.
Pa ekzanp: Si yon moun bezwen w pou reyalize yon bagay pou li, oubyen ak li depi l sèlman jwenn ak BESTI w, li mèt sèlman pale ak ak li BESTI a ap konvenk ou pou li.
Yon jenòm ki bezwen renmen ak yon jèn fi, depi fi a gen Besti, li sifi sèlman pou jenòm lan, reyini ak BESTI an absans ou. Lage dosye a nan men BESTI, enpi BESTI ap fè suivi.
Se BESTI w ki koze ak ou pou zanmi an, sa k pi etonan an, BESTI w gen pouvwa lè l fin konvenk jèn fi a, pou l pran telefòn lan, pou bay jenòm lan repons di l tout bagay ok. Ou renmen ak entèl. BESTI a gen pouvwa plase randevou pou ou. BESTI vin plis pase paran nan sans sa’a. Si lontan se paran yo ki te konn chita pou deside sou avni relasyon pitit yo, jounen jodi a, se BESTI ki gen monopòl sa a. Si basti w di w pa ale lekòl, travay, legliz… jodi a, ou sipoze rete.
Yon lòt koub nan dosye BESTI a, daprè eksplikasyon nou rive jwenn nan men kèk jèn ki viv reyalite sa a, yo fè nou konnen: « Si 2 jèn ki renmen ta nan kont, konnen w nan kont ak BESTI a tou. E se BESTI a ki plase pou fè rekonsilyasyon…
-Si w ta rive batay ak yon moun ki gen BESTI, si w pa bat BESTI a tou, yo pa konsidere ou fè anyen ki serye.
-Si’w nan kont ak mennaj ou, se ak BESTI a ou an afè. Si w kite mennaj la pote bestie l plent pou ou, ou antrave. Souvan BESTI a pase zanmi an dèyè enpi li koresponn ak ou»
Lòt temwayaj nou rive jwenn ankò:«Si w kite se yon BESTI ki baw yon kal, konnen li kale w pou bon. Ou jwenn a pa w. Mennaj BESTI w se mennaj ou dizon yon vi deregle, yon vi lekòl lage.»
BESTI se yon fenomèn anpil moun nan sosyete a tiye zye sou li, poutan li pi konplike pase sa. Pou rive pi lwen nan temwayaj yo :«Si BESTI a se yon zanmi ki la pou deside sou lavi zanmi l, men yon konn rive nan yon ka ki egzajere. Yo konn menm rive nan relasyon fi ak fi, gason-gason.»
BESTI nan prèske tout espas ki reyini moun. BESTI lekòl, bestie nan fanmi, besti nan gwoup, besti nan legliz. Li sanble pa anyen, men li plen panyen rès rete.
Kisa BESTI genyen kòm enpak sou lavi jèn yo?
Si nan yon sans BESTI a ta ede jèn yo travèse yon moman difisil, yon tranch daj emosyonèl, li trennen tou, lòt konsekans negatif sou avni jèn yo. Anpil fwa moun ki BESTI yo pa gen ni matirite, ni yo pa konprann sa y ap fè a, sa kreye gwo dega nan vi yo.
Youn nan deranjman li kreye, se yon depandans sosyal. Sètadi BESTI a fè w plis konsidere l pwòp fanmi reyèl ou. Ou ka fè nenpòt bagay nan sosyete a pou w satisfè besti w.
Ou vin pa mèt tèt ou, ou pa ka fè anyen san li.
Li kreye jalouzi nan mitan lòt moun, li kreye malantandi e anpil fwa separasyon difisil.
BESTI a tèlman preyokipe vi zanmi l, se kòmsi youn dwe la pou lòt 24/24. Sa ki kreye anpil fwa deranjman nan fwaye kèk moun, puiske moun yo kreye plis tan disponib pou Besti li pase patnè li a. Sa konn koz deblozay nan relasyon yo tou.
Konklizyon:
Depi lontan moun te toujou zanmi. E zanmitay lan dwe toujou rete. Paske yon bon zanmi se yon kado chak moun ta dwe ofri tèt yo. Men, fè yon zanmi kote tout vi prive w nèt depann de zanmi sa a ki se Besti w, dizon yon frè, yon sè anplis ou, li pa yon bon oryantasyon. Li nesesè pou fanmi yo te konsidere mòd relasyon jèn yo ap bati, ak ki tip de moun e ki limit yo dwe fikse nan amitye yo.
Fragile FLORINCE, Centre à la UNE