Divès manm kòdinasyon ki fè pati Platfòm Nasyonal Sektè popilè ayisyen an (PLANSPA) nan Latibonit rankontre ak laprès Lendi 20 Fevriye 2023 a nan vil gonayiv nan sousi pou apiye chwa Mme Yanick Mezil nan tèt pati a epi fikse pozisyon yo sou kriz peyi a ap konnen depi plizyè lane.

Pwofesè Jacques Aristide kise kòdonatè Depatmantal kòdinasyon platfòm Nasyonal sektè popilè Ayisyen an (PLANSPA) deklare yo vrèman kontan chwa Mme Yanick Mezil nan kad rankont Direktwa pati a te òganize nan mwa pase a nan lokal pati a potopwens kote yo menm nan Latibonit pat ka reprezante akoz bandi ki achte lajan kontan wout pou mennen yo nan kapita la . Pwofesè Jacques Aristide fè konnen Mme Mezil se yon ansyen prezidant chanm komès ak endistri, responsab ministè kondisyon Fanm ak dwa ki chaje kapasite ak konpetans ki selon li menm pral kapab mete pati a sou Ray li onivo 8 depatman yo.

Nimewo en PLANSPA nan depatman Latibonit lan di yo apiye sanpousan desizyon ki pran nan direktwa pati a pou reyalize kongrè Nasyonal yo yon fason pou kapab renouvle pèsonèl Politik yo nan tout Nivo pou prepare pwochèn jou elektoral yo .

Pozel kesyon sou akò 21 Desanm pase a ki mete kanpe yon Komisyon 3 Manm ki gen nan tèt li Mme Ypolite Manigat kòm prezidant HCT a, kòdonatè Planspa Jacques Aristide reponn poul di yo se manm siyatè akò Sila ni sak te fèt deja kise akò 11 septanm nan rezon an se pou kapab pèmet peyi jwenn serenitel epi mande ak Premye Minis Defakto Ariel Henry pou enpoze lòt fòmasyon Politik yo pou jwenn yon akò lajman laj
pou peyi a ka délibere anba kriz malouk lap konfonte yo.

Pou sak konsène pwoblèm ensekirite ki lye ak kidnaping nan Pwofesè Jacques Aristide fè konnen se yon priz konsyans ki pou pran bò kote chak grenn ayisyèn pou fenomèn sa ka rive eradike malgre chèf gouvènman an ap pale èd fòs miltinasyonal li rete kwè se mwayen ak materyèl pou lapolis la jwenn pou responsab yo ki la pou bay popilasyon an sekirite kapab asime vrèman responsabilité yo pou kraze bandi sanfwa ni lwa yo ki preke achte 4 kwen peyi lajan kontan pandan yo menm nan PLANSPA ak pwone eleksyon onèt, kredib ki pou fèt nan peyi a pou rive Eli vrè dirijan ki pou vin dirije peyi a nan tout nivo men fòk kesyon sekirite rezoud pou kandida yo kapab reyalize kanpay yo san okenn difikilte selon Pwofesè Jacques Aristide.

Nap siyale Planspa se yon òganizasyon ki pran nesans nan lane 2018 ki vin devni pati Politik nan lane 2021 ki gen kòm doktrin rasanbleman moun nan tout kouch atravè peyi a pou mete yo sou menm vwa pou sove peyi Ayiti. se ansyen Pwofesè regrete memwa Dieudonné Lerisson ki tap dirije sa ki mouri sibitman daprè Pwofesè Jacques Aristide nimewo en PLANSPA nan Latibonit.

Israël CEDIEU, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841