« Pandan Amerik Latin ak Karayib la tounen vin jwenn gouvènman goch anti-US, El Salvador rete yon alye estratejik enpòtan nan Amerik Santral, » deklarasyon senatè Ameriken an.

Senatè repibliken pou eta Florid la, Marco Rubio, fè yon rankont ak prezidan Salvador Nayib Bukele pou l pale sou mezi sekirite ki fèt nan peyi Amerik Santral la.

“Mwen te fè yon reyinyon pwodiktif ak Prezidan Bukele ak Anbasadè Ameriken Duncan pandan premye vizit ofisyèl mwen nan Salvador. Nan yon moman kote Administrasyon Biden aktivman alye nou yo epi li chwazi apeze diktatè ansasen nan rejyon nou an, li enpòtan pou nou kanpe ak lidè demokratik nan emisfè nou an k ap dirije batay kont gang asasen ak kriminèl nan Amerik Santral. Pou lavni relasyon bilateral nou yo, li esansyèl pou enstitisyon demokratik yo nan El Salvador rete solid, » te deklare Senatè Rubio.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar