Maria Isabel ki se nouvo responsab BINUH_UN, ki se tou reprezantan sekretè jeneral ONU_fr an Ayiti, pran fonksyon jounen lendi 03 avril 2023 a. N ap note, Maria ranplase nan pòs sa a madam Helen La Lime.

Maria ki se yon ekwatoryèn nan yon twit li fè lendi 3 Avril sa sou kont ofisyèl Nasyonzini profite remèsye sekretè jeneral Nasyonzini an, ki chwazil pou vin dirije « bureau intégré Nations unies en Haiti » (BINUH).

Maria deklare li t ap koute kri pèp Ayisyen an. L ap kontinye soutni efò li yo pou ede soti nan kriz la. Li fè konnen l ap travay pou ede ranfòse konsansis la pou peyi a ka repran wout demokrati.

Maria Isabel genyen 25 lane eksperans . 2013-2015: li te prezidan konsèy administrasyon galapagos. 2010-2013 li te reprezan pèmanan peyi li Egwayè nan OEA. 2010-2013 li te manb paleman « Andin ». 2007-2008, minis zafè etraje, komès ak entegrasyon. 2005-2007, minis touris Ekwatè.

Madam Isabel Maria ranplase nan pòs sila Madam Hélène Lalime ki te fè objè anpil kritik.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841