Biwo òdonans Nasyonal Fon Ewopeyèn pou Devlopman ( BONFED), Ministè Agrikilti Resous Natirèl ak Devlopman Riral, Ministè Planifikasyon Kowoperasyon Ekstèn Ayiti ak Òganizasyon Nasyonzini pou Alimantasyon ak Agrikilti siyen Madi 19 Desanm 2023 a, siyen yon projè pou bay jarèt ak produiksyon, transfòmasyon ak komèsyalizasyon vivriyè peyizan nan 4 komin Depatman Sant Ayiti.

Selon kominike Inyon Eyopeyèn nan, projè a ap dire 3 lane. L ap egzekite nan komin Mayisad, Sèkalasous, Mibalè ak Ench. Montan finansman an se 6 milyon ewo epi se Òganizasyon Mondyal pou Alimantasyon (FAO) nan tèt kole ministè agrikilti, agronòm Veterinè San Fwontyè (AVSF), ak Mouvman Peyizan Papay ( MPP) ki ap egzekite li.

Toujou selon kominike se youn nan projè enpòtan UE ap reyalize nan peyi a pou lite kont ensekirite alimantè ak povrete. Se yon projè ki baze sou amelyorasyon produiksyon, rezilyans ak transfòmasyon sistèm alimantè ki nan liy politik ak estrateji Nasyonal souvrènte sekirite alimantè ak nitrisyon Ayiti ( PSNSSANH).

Projè sila ap gen enpak dirèk sou 1 444 menaj ki vilnerab ki pral eksplwate perimèt tè ki pral irige yo. L ap gen enpak tou sou 32 asosiyasyon produiktè ki pral mete aksan sou kès rezilyans FAO ki privilejye ranfòsman konpetans teknik menaj agrikòl yo, konsolide kapasite finansyè yo, fè promosyon espas dyalòg ak sosyal atravè « FAO-Clubs Dimitra ».

Anbasadè Inyon Ewopeyèn nan Stefano Gatto ki te pran lapawòl, fè konnen UE bay anpil enpòtans ak sekirite alimantè, nitrisyon. E se nan sans saa aksyon yo ale sou 3 pilye sa yo: èd imanitè, Devlopman ak lapè nan tout mond lan sitou nan peyi ki kriz tankou Ayiti yo jisteman pou amelyore kondisyon lavi ak rezilyans moun ki plis vilnerab yo.

Reprezantan FAO a nan peyi Ayiti David Patrick, di li kwè nan reyisit projè sila ki pral kontribye nan amelyorasyon sitiyasyon alimantè kominote lokal yo.

Minis Agrikilti Ayiti a, Charlot Bredy ak Minis planifikasyon an Ricard Pierre salye projè sila selon yo ki pral bay yon soulajman nan produiksyon akrikòl rejyon an.

Selon dènye done estatistik Kòwòdinasyon Nasyonal Sekirite Alimantè (CNSA) la jwenn gen 40% nan popilasyon Sant lan ki nan ensekirite alimantè ak 10% nan nan faz ekstrèm ijans.

Òdonatè Nasyonal FED la Charles Jean Jacques, di li swete pou finansman pwojè a respekte objektif prensipal li kise rezoud pwoblèm ensekirite alimantè a ki pral pèmèt ministè Agrikilti atenn objektif Devlopman dirab li e tou, pou ministè planifikasyon asire suivi yo. Mesye Jean Jacques raple, dezyèm faz egzekisyon pwogram Miltisektoryèl Sekirite Alimantè ak Nitrisyonèl (PMSAN) finanse pa Linyon Ewopeyèn nan nivo 37 milyon Ewo.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841