Pandan yon vizit nan peyi Kosta Rika Madi 3 fevriye 2025 lan, Sekretè d Eta Ameriken Marco Rubio deklare Etazini pap elimine asistans lap bay peyi etranje.
Rubio di: « Nou pap elimine asistans etranje. N ap gen asistans etranje ki fè sans. Nap gen asistans etranje ki fonksyonèl. N ap gen asistans etranje ki nan enterè nasyonal nou. N ap gen asistans etranje ki benefisye patnè nou fè konfyans ak alye nou yo. »
Diplomat pi wo plase Etazini an fè komantè sa a pandan yon konferans pou laprès. Li tap reponn kestyon jounalis yo poze sou kanpe Etazini anonse nan asistans lap bay peyi toupatou nan mond lan.
Rubio presize ke kanpe sa a ap dire 90 jou pou pèmèt yo revize pwogram yo. Li plenyen pou di yo jwen ka kote asistans Etazini te pase nan men 4 kontraktè diferan anvan li te rive jwenn moun li te vize a. Li di tou pa fwa se ant 10 ak 13% lajan Etazini te akode a ki te rive jwenn pwojè a e rès la te depanse nan « biwokrasi ».
Rubio te rankontre Prezidan Rodrigo Chaves nan San Jose, kote yo te diskite sou imigrasyon.
« USAID pran lajan kontribyab Ameriken yo pou finanse rechèch zam bakteryoloji ak COVID-19. Anplis yo patisipe nan plizyè koudeta nan mond lan pou nou site: Ayiti, Ikrèn ak Ejip. Pousa nou bloke yo sou platfòm X epi prezidan Donald Trump deja dakò ak mwen pou nou fèmen ajans kriminèl sa. » Se sa Elon musck ki se chèf depatman efikasite gouvènman an fè konnen.
Aprè sa li te vwayaje Guatemala Siti pou rankontre ak prezidan peyi sa a.