Peyi dAyiti ap plonje chak jou pi fon nan mizè ak laterè. Pandan yon gwo pati nan popilasyon an ap viv nan grangou, lajan ki ta dwe sikile nan ekonomi an ap dòmi nan men gang yo.
Soti nan fenomèn ensekirite a ki bloke wout yo rive nan enkapasite pou fè komès, chèche djòb oswa gen aksè ak anplwa, lavi vin tounen yon kochma pou malere malerèz yo. Jounen jodi a, riske lavi w pou fè yon jounen travay vin tounen yon bagay nòmal. Fonksyònman nan nuit te deja difisil, men koulye a menm lajounen an pè ak pwovèz anvayi popilasyon an.
Moun ki te deja gen yon ti sous revni ap pèdi tout sa yo te bati ak anpil sakrifis. Atak fizik, vyòl, dife, piyaj ak fiziyad tounen reyalite chak jou. Moun ki te gen bèl kay, bèl machin, koulye a ap dòmi lari paske gang te mete yo deyò.
Wout peyi a tounen labank chèf gang yo.
Nan zòn kote gang yo ap gouvène, se chofè ak pasaje ki sèvi trezò pou gang yo kontinye fè lajan. Pòs peyaj ilegal fleri sou chak wout, espesyalman ant pwovens ak kapital la. Lè w pase, se peye w peye san okenn garanti sekirite. Pandanstan, leta kontinye fè operasyon maskarad ki, olye ede, rann bandi yo pi pisan chak jou pi plis.
Leta ap fè lòbi nan lòt péyi pou di peyi a ap byen gouvène tandiske
Bandi ap prospere, popilasyon an ap soufri.
Bandi yo tounen bòs popilasyon an san okenn kontrent. Anba je leta, lajan popilasyon an ap boule tankou flanm dife. Kòb malere yo ki sòti nan chèche lavi nan fwontyè, bat solèy ak fè machandiz, rive dirèkteman nan men gang ki fè videyo ak lajan pa sak, pa woulo, montre pouvwa yo.
Kote lajan sa yo soti? Kisa yo fè ak lajan sa yo? Epi, èske leta ki la a gen kapasite pou frennen fenomèn sa a?
Yon avni nwa pou jenerasyon kap vini yo
Nan yon peyi kote yon timoun 10 zan ap gade videyo ki viral sou rezo sosyal yo kote bandi Aka Lanmò San Jou ak rès akolik yo ap benyen nan lajan, vide sak lajan tankou blòk.Yon motivasyon ki deja Kreye move oryantasyon nan move sans jis paske yo gen yon zam nan men yo. Eske timoun sa yo pap jwenn plis enterè nan antre nan lavi krim olye li chèche yon lavi diy ak travay onèt? Eske timoun sa yo ap motive pou rete chita sou ban lekòl aprann pen lenstriksyon pou l vin yon sitwayen onèt e itil demen?
Ayiti ap viv yon moman kote li bezwen yon vrè repons leta, yon lidèchip ki ka rale pèp la sot nan tou nwa sa a, pou evite yon jenerasyon kap grandi ak kwayans ke zam ak krim se sèl chemen pou reyisi.
Florince FRAGILE, Centre à la Une