Ayiti ak Dominikani se 2 peyi ki pataje menm liy fontyè tè, sa vle di yo gen menm bout tè. Pagen anyen k ap fè 2 peyi sa yo pa kole ansanm yon jou . Pou lontan, se tout zile a ki te rele lil d Ayiti. Pou te jere konfli ant Espay ki te okipe tè a avan ,ak Lafrans ki vin posede yon pati an aprè, otorite kolonyalis yo ta pral siyen yon akò ki rele trete Riswik , ki pataje zile a an 2. Yon pati nan lès pou Espay ,yon lòt pati nan lwès pou Lafrans,…


Aprè endepandans Ayiti prezidan Bwaye te pral okipe tou 2 bout tè sa yo … E se an 1844 , Repiblik Dominikèn ta pral pran endepandans li kòm yon nasyon lib e endepandan. Avèk anpil efò yo fè pou jere peyi yo byen , yo vin yon pèp kap pwogrese.

Fas ak kriz ekonomik peyi Ayiti ap travèse koz move jesyon dirijan ayisyen yo, yon kantite Konpatriyòt ayisyen oblije jete kò yo nan pase anba fil pou al fè Jòb Sendomeng. Avèk anpil imilyasyon : lè se pa travay fòse yo fè ,se peye mayèt pa peye yo ; lè se pa tiye yo tiye yo , se depòte yo depòte yo nan move kondisyon.

Ka sa yo pa sèlman repete nan gran vil yo Sendomeng, menm nan zòn pwovens yo yo rele kanp , Dominiken ap imilye ayisyen.

Chak jou ki jou , ajan imigrasyon ap ranmase malere ki al vann oubyen ki al achte sou fwontyè yo ,nan mache binasyonal. Pou plis presizyon sou fwontyè kanyada migèl… Ajan imigrasyon yo arete malere sa yo mete yo nan machin al lage yo sou lòt liy fontyè, tankou elyaspin oubyen tyòt…

Temwayaj yo fè kwè ke ajan imigrasyon yo menm fè kòb ak ayisyen yo mete nan sitiyasyon sa a. Plizyè temwayaj kèk ayisyen ki sibi zak malonèt sa yo fè konnen , chak fwa yo arete yo Sendomeng, si yo vle negosye, y ap peye 7,8 mil pesos ak ajan yo, epi yap lage yo lapou la,…men si yo pa dakò ( ayisyen yo) , lè yo rive nan depo kote yo mete yo a ayisyen sa yo ka negosye nan prizon an jiska 13 mil peso pou yo jwenn liberasyon yo.

Lè yo fin lage yo , si yon lòt gwoup ajan imigrasyon jwenn yo ankò yap toujou pran ayisyen sa yo e remande yo negosye. Otan de fwa yo kenbe yo ,depi vle yo negosye yap lage yo pou yo rekenbe yo pi devan

Lè imigrasyon dominikèn pran yon ayisyen, yo pran nan men l telefòn li. Si l bezwen telefòn lan pou l fè kontak ak fanmi l, pou pote malèt li pou li pandan l nan prizon an ,se peye pou l peye yon ti kòb ankò.

Ajan dwanye, ajan imigrasyon, gwad ki nan pòs yo tout ap fè kòb sou ayisyen. Menm nan mache fwontalye yo depi yon ayisyen ap antre raketè dominiken ki nan pòs sila yo vin mande l paspò l ( yon 50,100 peso ki rele paspò a).

Kesyon imigrasyon kap bwote ayisyen Sendomeng se yon rezo mafya kap fè kòb ak malere.
Anpil fwa yo pran moun lan pandan l ap sòti travay oubyen pandan li pral travay. Si l pat ko touche nan travay lan, lajan travay sa yo tou pèdi.

Anplis de sa , kondisyon yap bwote ayisyen lage sou fwontyè yo pa bon ditou.
Sitiyasyon sa a ta dwe entèpele òganizasyon defansè dwa moun yo pou mande pi bon tretman pou ayisyen nan Sendomeng.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841