Charles III vini kòm nouvo wa peyi Angletè vandredi 9 Septanm 2022 a. Nouvo monak ki pral dirije wayòm ini an vini swa yon jou aprè lanmò Elizabeth II ki te manmanl.

Nan premye diskou Wa a prononse vandredi 9 Septanm 2022 a, li rann omaj ak defen an e pran angajman pou li kontinye sèvi pèp britanik lan ak rès kominote Commonwealth la pou tout rès vil menm jan manmanl te fè.

Charles Philip Arthur George rantre nan pòs la a 73 lane, li fèt yon 14 Novanm 1948 a Lond nan palè Boukenngam. E li se premye pitit Philip Mountbatten ki te prens mouri a 69 lane 9 Avril 2021 ak rèn Elizabeth II ki mouri li menm a 96 lane 8 Septanm 2022.

Charles te gen 4 lane lè gran papal George VI mouri e se ak menm laj sa tou li te asiste kowonman manmanl Elizabeth II ki te ranplase papal li menm nan pòs sa. Kotel sot pase 70 lane ap dirije.

Nap solinye moun ki te prezan pandan diskou nouvo lidè a tap chante pou Dye proteje wa a.

Réginal LOUIS , CENTRE à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841