Pa gen langaj ki pi cho pase sa pèp la ap viv jodi a. Tandiske peyi a ap deperi anba grif gang, grangou ak ensekirite, enfòmasyon ki sòti nan dènye rapò RNDDH la fè tout kè onèt tranble. Daprè sa ki pibliye, 9 manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT) ap koute Leta Ayisyen 93.5 milyon goud chak mwa. Wi, 93.5 milyon goud pou yon ekip ki pa bay okenn rezilta solid, men ki tounen « chanpyon » nan domèn rémunération.

Salè ? 225 000 goud. Kat telefòn ? 500 000 goud. Kat debi ? 2.5 milyon goud. Frè entèlijans ? 4.5 milyon goud. Frè frijidè ? 75 000 goud. Frè nouriti ? 925 000 goud. Frè pou madanm oswa mari ? 500 000 goud. Se pa blag. Se lajan pèp la, lajan leta, lajan timoun ki pa manje, fanm ansent k ap dòmi atè, granmoun ki pa gen medikaman.

Antretan, Mibalè ap boule, Pòtoprens ap tire, pèp la ap mòde grangou, CPT ap fè rasanbleman ak kat VISA. Epi n ap pale de moral, de etik, de « dwa ». Kisa dwa ye lè yon nasyon anba bal, epi dirijan li ap jwi 4.5 milyon kòm « frais d’intelligence » pandan li pa kapab bay okenn direksyon sekirite pou pèp la ?

Yo pa tèlman entèlijan, se pèp la ki genyen twòp pasyans paske tout sa ki revele la a se pa krim kont Lalwa, men se krim kont konsyans, kont etik, kont limanite.

Rapò RNDDH la revele tou pandan fèt Pak la, chak manm CPT te resevwa ant 3 ak 5 milyon goud. Peyi a ap kraze, pèp la ap peri, men elit tranzisyon an ap vanse sou bisiklèt an lò.

Nou mande : Èske nou ka pale de dyalòg ak gang, lè se Leta ki pi gran sabòtè espwa pèp la? Èske gen pi gwo gang pase sa k ap eksplwate povrete, sa k ap kache dèyè pouvwa pou viv sou do mizè ?

N ap mande refòm, yo ap plen frijidè.
N ap rele lapè, yo ap plen kat telefòn.
N ap chèche solisyon, yo ap pran « frais conjoints ».

Sa pa ka kontinye. Leta pa ka tounen predatè. Si pèp la ap viv anba grif gang, li pa merite toupizi pa sa ki di yo ap sove li. Yon dirijan ki jwi sa san aksyon, se yon otè oswa konplis silans lan.

Viv Ayiti, men se pou Ayiti viv ak jistis, ak transparans, ak reponsab, pa ak grandon parazitè sou do pèp la.

Jean Launy AVRIL
Editoryalis – Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar